Konprann kisa lang ye

Lè ou vle deposede yon moun de sa li ye, de orijinalite l, ou enpoze moun sa a yon nouvo lang ak yon nouvo relijyon, pandan ou ap eksplike l li pa gen listwa
Dany Laferrière

Konprann kisa lang ye

Toupatou sou latè, nan tout kominote, nan tout sivilizasyon, lang itilize e chak kominote pale omwen yon lang. Nan lemond antye genyen anviwon 6000 lang ki pale e ki fasilite lavi ak koneksyon ant moun ak moun chak jou daprè Christophe Coupé nan paj senk (5) nan tèz Doktora li ki soutni an janvye 2003. Genyen pami lang sa yo ki pa gen anpil lokitè, konsa tou gen lòt ki gen anpil lokitè. Men, yo se lang pliske yo pèmèt komikasyon rive fèt ant gwoup lokitè ki itilize yo a. Pou moun rive eksprime sa yo santi, santiman yo, ide yo, volonte yo, yo itilize swa lapawòl (lang oral) oubyen ekriti (lang ekri) (Maurice Grevisse, 1964:23). Men, kèk kesyon nou ka poze se: kisa lang ye? Ki diferans ki genyen ant lang ak langaj? Èske lang se lapawòl? Èske lapawòl se langaj? Kòman nou kapab defini konsèp sa yo (langaj, lang, lapawòl)? Nan nimewo sa a, nou pral eseye eklèsi kesyon sa yo ak kèk lòt aspè ankò nan lang, selon enfòmasyon syans lengwistik.

Pou nou rive byen konprann kisa lang ye, li enpòtan pou nou manyen de (2) lòt konsèp ki mache tou kole avèk li, ki se: « langaj » ak « lapawòl ou pawòl ». Selon J. MOESCHLER & A. AUCHLIN (2009:29), nan liv yo ki gen tit Introduction à la linguistique contemporaine, Ferdinand de Saussure (papa lengwistik modèn nan), eksplike «langaj gen 2 eleman nan fonksyònman li: 1. lang; 2. lapawòl».


Yon medya kominotè anliy

Pa ezite kontakte nou
Whatsapp nou se 509 3200 - 8501
lyen l se: https://wa.me/50932008501
Suiv nou sou Instagram sou instagram.com/ehco509
Sou Twitter sou https://twitter.com/ehco509

Mèsi pou soutyen nou

Nan lemond antye genyen anviwon 6000 lang ki pale

Ki sa langaj ye menm? Robert MARTIN, nan liv li ki gen tit Comprendre la linguistique (2002:58) fè nou konnen «Langaj se ansanm kondisyon ki pèmèt konstriksyon lang posib. E kondisyon sa yo gen tout chans pou yo menm nan kèlkeswa lang nan». Kidonk, langaj lye dirèkteman ak espès moun. Dominique MAINGUENEAU (1996) kwè li menm, menm si se vre «langaj se kapasite moun genyen pou pale yon lang, nou pa ka sèlman redui langaj a kapasite pwodiksyon lapawòl moun. Men tou, divès lang yo se rezilta yon istwa, yon kantite evènman patikilye ki antre nan reyalizasyon langaj la». Egz: Istwa lang kreyòl ayisyen an; kontak ant kolon fransè ak esklav ki soti nan plizyè tribi ann Afrik. Men n ap presize tou, konsèp « langaj » se sinonim konsèp « lang » nan ka kote yo itilize l pou pale de kòd yo itilize pou kominike.

MOESCHLER (2009) rapòte nou, Saussure, nan yon opozisyon li fè ant lang ak pawòl, eksplike «lapawòl lye ak aksyon endividyèl, enprevizib, inik, varyab yon lokitè. Tandiske lang li menm, li se yon kòd komen, estab pou yon gwoup lokitè, menm si pa gen yon moun sou latè kijanm rive metrize tout aspè nèt nan yon lang». Lokitè a rive pale lang paske li nan espas kote lòt moun ap itilize lang nan. Kidonk, li se yon fenomèn sosyal. Selon definisyon klasik la, lang se « yon zouti, yon enstriman kominikasyon yon gwoup lokitè pataje ansanm». Nan relasyon lang ak lapawòl, lapawòl jwe gwo wòl pliske se li ki pèmèt gen chanjman ki fèt andedan lang.

Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete antre an kontak avè n

Lang natirèl yo reprezante jeneralman sou fòm oral

Lang natirèl yo reprezante jeneralman sou fòm oral e majorite lang sou latè pa reprezante sou fòm ekri. Lang oral (pale) se itilizasyon lapawòl pou eksprime ide yo. Li fòme ak mo, sa vle di li fòme ak son oubyen asanblaj son ki vin fòme sans pou eksprime sansasyon, aksyon, ide, santiman oubyen ki montre rapò ant mo yo. Tandiske lang ekri se reprezantasyon divès son mo yo atravè itilizasyon yon sistèm siy oubyen karaktè ki rele lèt (Maurice Grevisse, 1964:23). Pou nou pi byen konprann, n ap pran egzanp sa yo : nan mo « pen », genyen de (2) lèt, « p », « en » e de (2) son, « p  /p/ », « en /ɛ / » ; nan mo drapo, genyen senk (5) son, « d /d/», « r  /r / », « a /a/ »,  « p /p/ », « o /o/ » e senk (5) lèt, « d », « r », « a », « p », « o ».

Jan nou ka remake l, alfabè kreyòl ayisyen an gen lèt ki gen yon graf (a, b, d, elat., gen de lòt ki gen 2 graf (an, on, ch, en, elat.). Kit se aloral oubyen alekri, nou kapab di se fraz ki pèmèt lang fonksyone pliske se fason lokitè yo kreye yon kantite fraz ki fè yon lang. Sa Noam Chomsky (Lengwis ameriken) rele gramè mantal nan liv li, « syntactic structures » (1957). Men fòk nou presize tou, pou yon moun aprann yon lang, li pa gen pou li al aprann yon lis fraz pakè san li pa konsidere kontèks pwodiksyon ak itilizasyon fraz yo. Kidonk, se fraz ki pèmèt moun panse e pale. An rezime, yon fraz se yon «asanblaj ki òganize lojikman e gramatikalman pou eksprime yon lide konplè» (Maurice Grevisse, 1964:23).

Gregory ORCEL

 atik sila a. Klike !

Kisa ou panse de atik sila a?
Ki sijè ou ta renmen nou trete pou ou ?

Commentaires