Rapò premye jounen senpozyòm MIT-Ayiti a

Apre sèt (7) ane depi MIT²-Haiti te fikse objektif pou li devlope, evalye epi pataje materyèl didaktik ansanm ak zouti aprantisaj aktif an kreyòl ayisyen, MIT-Ayiti òganize de (2) jounen senpozyòm (27, 28 mas 2017) nan Pòtoprens, nan otèl Marriott, pou li make sèt (7) ane egzistans li (2010-2017).

Premye jounen senpozyòm nan te dewoule soti 9è nan maten pou rive 5è nan apre midi, kote divès pwen te ekspoze, tankou :

  1. kontèks pwojè MIT-Ayiti te pran nesans, objektif ak pakou li, kote pwojè a rive, eksperyans ki fèt e tout sa inisyatè pwojè sa a aprann sou pakou yo, prezantasyon 3 wòch dife ki fè fòs MIT-Ayiti (Aprantisaj entèraktif, Lang kreyòl, Teknoloji);
  2. prezantasyon inovasyon ki fèt nan edikasyon nan Kanpis Anri Kristòf, Limonad (Inivèsite Leta d Ayiti);
  3. prezantasyon inovasyon ki fèt nan edikasyon ak Konbit MIT-Ayiti;
  4. prezantasyon inovasyon ki fèt nan edikasyon ak Lekòl Kominotè Matènwa “L.K.M”  (Lagonav);
  5. Bwase lide, kesyon, sijesyon.
An gwo, nou kapab tante rezime tout ekspoze ki te prezante nan premye jounen senpozyòm nan pou nou di: travay devlopman materyèl didaktik Inisyativ MIT-Ayiti yo ak tout travay ki deja eksperimante sou teren nan edikasyon nan lang matènèl tout Ayisyen an, fè nou wè aklè, itilizasyon lang kreyòl pou edikasyon ann Ayiti, se gwo avantaj pou pwodui bon jan moun save san fè jako repèt.
Gregory ORCEL
¹Rapò sa a se rezilta sa nou menm nou ranmase kòm konesans
nan premye jounen senpozyòm nan.

Kisa ou panse de atik sila a?
Ki sijè ou ta renmen nou trete pou ou ?

Commentaires