Plis ou gen lang ou konn pale, se plis ou imen
Menm jan ak anpil rechèch ki fèt sou orijin lapawòl, kesyon orijin langaj gen anpil travay ki fèt sou li tou. Orijin e evolisyon langaj ak tout kantite lang sou latè reprezante yon domèn etid ki vas anpil daprè sa Christophe Coupé di nan paj 5 tèz doktora¹ l la. Li fè konnen domèn etid sa a gen yon kantite kouran lengwistik ki pran rasin andedan l e chak jou pi plis sa vin bay rasanbleman yon seri domèn ki louvri de lòt debouche sou yon sijè difisil etap pa etap nan domèn vas sa a.
Gen Michel Arrivé ki pale nan menm sans lan tou nan atik li ki pibliye anliy nan HAL², kote li ap montre kòman, nan sa ki gen rapò ak refleksyon sou orijin langaj ansanm ak tout pwoblèm sou orijin langaj, se petèt youn nan pwoblèm ki gen plis travay fèt sou yo soti nan travay filozòf pase pran travay lengwis pou al bout nan travay antwopològ yo ak lòt ankò.
Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete antre an kontak avè n
Nan domèn sikoloji nou ka site Sigmund Freud ki teyorize sou orijin langaj
>Nan domèn sikoloji nou ka site Sigmund Freud ki teyorize sou orijin langaj nan rapò li yo ak enkonsyan moun ; nou ka site tou Joseph Greenberg ak Meritt Ruhlen (1994, 1998) ki kwè langaj te manifeste nan espès Omosapyenns Sapyenns³; Morris ; Herder ak Grimm ; epi Hans Sperber ; pou nou site sa yo sèlman.
Jounen jodi a nou ka ap poze tèt nou kesyon sou « ki jan langaj fè vin devlope soti depi nan rasin li pou l travèse yon pakèt ane pou jis li vin rive bay tout kantite lang sa yo ki pale sou latè, anviwon 6000, e ki diferan youn ak lòt nan divès aspè ». Nou ta ka panse ak ansanm fenomèn ki jwe sou lang sa yo ki fè yo vin diferan konsa, kit se nan pwonsiyasyon mo yo, nan fason mo yo ranje nan fraz yo, nan mo ki itilize pou lonmen reyalite nan chak lang, nan fason panse ak lapawòl mache ansanm. Nan nimewo atik sa a, nou pral tante prezante yon kantite enfòmasyon istorik ki chita sou orijin langaj yon fason pou nou kanprann sa ki di sou orijin langaj.
|
Depi nou pale de « orijin langaj », la menm nou tou louvri pòt bay apòch evolisyonis e apwòch kreyasyonis. Nou sonje nou te deja pale de « sa langaj ye » nan nimewo avan an e nou te presize « langaj se youn nan eleman karakteristik espès moun » e selon Coupé (2003), orijin langaj makònen ansanm ak kapasite moun pou trape konesans, ansanm ak orijin lakilti sou tout fòm li yo tou. Pliske nou pa ka pale de espès moun san nou pa pale de langaj, an nou al wè ansanm kèk pami travay ki fèt sou orijin langaj.
Nan Antikite, Coupé (2003) rapòte nou kesyon sou orijin langaj te konn pran fòm konsiderasyon fizyolojik (pozisyon ògàn ki patisipe nan pwodiksyon lapawòl), rechèch filozofik (rechèch sou rapò ant langaj e panse), e menm yon kantite eksperyans ki te konn fèt, sitou ak timoun, nan lide pou yo te rive konnen premye lang ki te konn pale sou latè yo. Pami eksperyans sa yo nou ka site kèk tankou : 1. tantativ Farawon Sametik 1e te fè nan VIIèm s. av. J. K. kote li te vle montre lang ejipsyen ki rele « frijyen » an se youn nan lang ki pi ansyen sou latè. Paske, ta sanble youn nan timoun li te fè izole nan kad eksperyans li t ap fè te rive pwononse mo « bekos » ki siyifi « pen » ; 2. Apre vin genyen Anperè Frederic II de Hobenstofen (XIIIèm s.) li menm ki t ap eseye montre ki lang ki pi ansyen pami ebre, grèk, laten ak arab. Eksperyans li te fè ak timoun yo pa t reyisi ; 3. nan XVIèm s., anba rèy James IV (peyi Ekòs), yo rapòte yon gwoup timoun yon sèvant ki bèbè okipe e leve, ta sanble pale ebre ; 4. ann End, Akbar Le Grand (1542-1605), te fè konstwi « Gang Hagbal » (kay idyo yo), kote li te fè yo fèmen yon gwoup timoun san yo pa t gen posiblite tande okenn son deyò, e timoun sa yo pa t rive devlope okenn langaj.
Kisa apwòch evolisyonis lan di sou langaj ?
nan anviwon -50 000 anvan nou, langaj espès moun te egziste
Apwòch evolisyonis lan prezante divès etap nan evolisyon espès moun ki lye ak orijin e devlòpman langaj kay espès moun. Daprè apwòch sa a, li pwobab pou espès moun te gen langaj : nan anviwon -50 000 an (avan epòk nou an), langaj espès moun te egziste. Kòmanse nan Omo Abilis (-1.8 milyon ane) pou rive nan Omosapyenns Sapyenns. Depi byen lontan, genyen rechèch ki t ap fèt tou sou rapò ant sèvo moun ak langaj sitou nan Antikite grèk e babilonyèn. Te gen Imhotep⁴, ann Ejip, ki te fè konnen sèvo moun lye ak langaj daprè rechèch li te fè. Coupé (2003 : 6).
Pou diferan lang yo, Joseph Greenberg ak Meritt (1994, 1998) di, ta sanble te gen yon sèl lang nan epòk espès Omosapyenns Sapyenns lan e langaj te manifeste nan espès sa a nan yon espas egzat epi apre espès sa a te vin gaye toupatou sou latè ki fè lang vin gaye sou latè. Nan sans tou genyen de lòt fenomèn ki jwe sou espès la nan diferan kote li gaye yo ki vin bay modifikasyon lang ak diferans nan lang yo. Gen de lòt ki kwè se sèl kapasite langaj espès la te genyen epi lang yo vin devlope nan fason diferan pliske espès la gaye divès kote sou latè ant 1000 000 e 30 000 an av. J. K. Michael Herslund konkli li menm pou l di, diferans ak resanblans ki tabli aklè ant lang yo nan mond lan, matche ak tou 2 teyori sa yo. Sa ki sèten, dapè Herslund, Omosapyenns Sapyenns lan te sou latè depi nan ansyen mond lan e li te gaye toupatou sou latè pou jis li finalman rive ann Amerik sa gen anviwon 15 000 an.
Ki sa apwòch kreyasyonis lan di sou langaj ?
Gen de chèchè ki kwè kesyon chèche orijin langaj pa enpòtan
Nan Jenèz, 2 : 19, Labib montre se Bondye ki te premye itilize langaj lè li pale nan moman kòmansman kreyasyon epi apre Adan itilize langaj an dezyèm pozisyon. Sa Arrivé (2012) kritike nan atik li ki gen tit « Peut-on Parler de l’origine du langage ? ». Nan sa ki gen rapò ak divèsite lang, labib montre lang te vin diferan youn ak lòt nan konstriksyon tou Babèl la. (Jenèz 11 : 1-9).
Gen de chèchè ki kwè kesyon chèche orijin langaj pa enpòtan pliske li enposib pou yo rive konnen kote rasin langaj plante ak kòman fè gen divèsite nan lang sou latè yo. Nou ka wè sa tou, kote an 1866 te gen yon sosyete lengwis ki te fòme an Frans (nan vil Pari), ki te tou entèdi manm sosyete a fè rechèch sou orijin langaj daprè sa règleman entèn sosyete sa a te di nan atik II li. André Clas ak Paul A. Horguelin, kwè, nan dezyèm edisyon liv « Le français, langue des affaires », tout teyori yo ki abòde orijin langaj pa ka pwouve sa yo di yo syantifikman pliske, genyen ki di langaj se yon don dye yo ; gen lòt ki kwè se nan imitasyon son lanati moun rive pale ; e konsa tou, gen de lòt ki fè konnen se nan eksprime sipriz, lajwa, doulè, elat., ki fè moun rive pale.
ARRIVÉE, Michel. 2012. « Peut-on parler de l’origine du langage ? ».
HAL-SHS (Archives ouvertes). Konsilte nan dat 19 avril 2017.
https://halshs.archives-ouvertes.fr/
CLAS, André &
HORGUELIN, A. Paul. 1979. Français, langue des affaires, Québec: Mc
Graw-Hill, Éditeurs.
COUPÉ, Christophe. 2003. De l’origine du
langage à l’origine des langues : Modélisation de l’émergence et de
l’évolution des systèmes linguistiques. Thèse de doctorat en
linguistique. Faculté des Sciences Cognitives, École doctorale des
Sciences Cognitives. Université de Louis Lumière Lyon – 2. Telechaje
nan dat 19 avril 2017. https://www.ddl.ish-lyon.cnrs.fr/
HERSLUND,
Michael. « L’origine du langage – Qu’en savons-nous ? ».
https://www.openarchive.cbs.dk/ . Konsilte nan dat 19 avril 2017.
Li atik sa a ou tou: Konprann kisa lang ye
Kisa ou panse de atik sila a?
Ki sijè ou ta renmen nou trete pou ou ?


Commentaires
Enregistrer un commentaire