Pwovèb ayisyen ak ekivalan fransè yo

Suiv nou sou  Facebook Instagram pou plis kontni
Kreyòl pale, kreyòl konprann
Pitit tig se tig
Tel père, tel fils
Sa k lan vant kabrit se li k pa l
Un tien vaut mieux que deux tu l’auras
Piti piti zwazo fè nich
Petit à petit l'oiseau fait son nid
Lanmou pa konn dèyè pyese
L'amour n'épargne personne
Ak pasyans w a wè trip foumi
Tout vient à point à qui sait attendre
Kaka poul pa ze
Les apparences sont trompeuses
Jan chat mache se pa konsa l kenbe rat
L’habit ne fait pas le moine
Kaka je pa linèt
Tout ce qui brille n'est pas de l'or
Renmen tout pèdi tout
Qui court deux lièvres ne prend ni l’un ni l’autre
Sa ou fè se li ou wè >
Qui sème le vent récolte la tempête
Toutotan tèt poko koupe n espere mete chapo
Tant qu'il y a de la vie, il y a de l'espoir
Gran van, ti lapli
Grands diseurs, petits faiseurs
Dlo lacho blanch, men li pa lèt pou sa
Il ne faut pas se fier aux apparences
Pa fè m sa m pap fè w
Fais pas à autrui ce tu ne voudrais pas qu'on te fit
Ravèt pa janm gen rezon devan poul
La raison du plus fort est toujours la meilleure
Sa w simen se li w rekòlte
On récolte ce qu'on a semé
Tout sa k pa bon pou youn, li bon pou yon lòt
Le malheur des uns fait le bonheur des autres
Men anpil, chay pa lou
L'union fait la force
Lafimen pa leve san dife
Il n’y a pas de fumée sans feu
Abitid se vis
L’habitude est une seconde nature
Ti rat pa janm fèt san ke
Les chiens ne font pas des chats
depi w ap boule bwa fò l fè chabon
Quand le vin est tiré, il faut le boire
Sak vid pa kanpe
Ventre affamé n’a point d’oreille
Lajan pa fè boul nan pòch malere
Pauvreté égale poches vides
Sèl pa janm vante tèt li di jan l sale
À bon vin point d’enseigne
De lajan paka goumen
Abondance de biens ne nuit pas
Chanje mèt, chanje metye
L’ouvrier travaille au goût du maître
Atansyon pa kapon
La prudence est mère de sûreté
Lawoze fè banda tout otan solèy poko leve
On trouve toujours chaussure à son pied
Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye
À chacun son tour

An n konble lis la ! Pataje ak nou, an kòmantè, kèk lòt pwovèb ayisyen ou konnen:

Commentaires