Lang oral: èske gen lang ki pa gen òtograf ?

Yon lang se yon zouti kominikasyon oral moun itilize. Se avantou yon mwayen kominikasyon oral, e se pa yo tout ki genyen fòm ekri. Vrèman vre, menm lè gen apeprè 7,000 lang pale nan mond lan, anpil nan yo pa janm transkri. Se lang "oral", yo transmèt de jenerasyon an jenerasyon apati lapawòl, san okenn sipò ekri. Nou jwenn fenomèn sa a espesyalman nan kominote izole oswa nan sosyete kote ekri a pa esansyèl pou kotidyen yo.

Kisa ki fè kèk lang pa gen ekri

Nan kèk kilti, se tradisyon oral yo privilejye pou transmèt konesans, tradisyon ak istwa

Plizyè faktè eksplike absans ekri nan sèten lang. Nan kèk kilti, se tradisyon oral yo privilejye pou transmèt konesans, tradisyon ak istwa. Nan sosyete sa yo, memwa kolektif ak lapawòl jwe yon wòl santral, epi l pa nesesè pou mo yo fikse alekri. Adisyone ak sa, nan sèten rejyon nan mond lan, kondisyon izolman jeyografik yo oswa enpèmeyabilite yo fas a enfliyans ekstèn jwe kont devlopman yon sistèm ekri.

Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete pran kontak avè n

Suiv nou sou  Facebook Instagram pou plis kontni

Lang ki pa ekri yo an danje

Absans ekriti a pa diminye konpleksite yo oswa enpòtans yo genyen nan kominote yo pale yo a

Lang san ekriti yo souvan se lang kominote redwi oswa pèp endijèn pale. Lang sa yo patikilyèman vilnerab e ka disparèt, paske yo raman dokimante oswa anseye deyò kominote a. Globalizasyon ak dominasyon lang entènasyonal yo, tankou Anglè pa egzanp, menase lang oral sa yo, paske jèn jenerasyon yo gen tandans favorize lang ekri ak souvan itilize yo; sa ki mennen, pazapa, yo abandone lang orijinal yo. Sa eksplike efò ki fèt pou konsève yo; fas ak menas disparisyon anpil lang oral, kèk lengwis ak òganizasyon travay pou dokimante ak prezève lang sa yo apati konvèsasyon anrejistre, transkripsyon fonetik mo yo ak kreyasyon diksyonè oral. Pafwa alfabè oswa sistèm ekri espesyalman kreye pou lang ki pa t devlope l anvan. Inisyativ sa yo vize pwoteje eritaj lengwistik mondyal la epi transmèt lang sa yo bay jenerasyon k ap vini yo.

Malgre yo pa gen sistèm ekriti, lang oral konstitye yon richès kiltirèl ak yon patrimwàn ansestral inestimab. Absans sila a pa diminye konpleksite yo oswa enpòtans yo genyen nan kominote yo pale yo a. Kenbe ak dokimante lang sa yo esansyèl pou konsève divèsite lengwistik planèt la.

Èske ou panse tout lang ta dwe gen yon sistèm ekriti, oswa oralite a, pou ou, ase pou prezève patrimwàn kiltirèl la nan yon kominote?

Commentaires