Rapò dezyèm jounen senpozyòm MIT-Ayiti a

Yon medya kominotè anliy

Pa ezite kontakte nou
Whatsapp nou se 509 3200 - 8501
lyen l se: https://wa.me/50932008501
Suiv nou sou Instagram sou instagram.com/ehco509
Sou Twitter sou https://twitter.com/ehco509

Mèsi pou soutyen nou

Pou make sèt (7) ane egzistans li (2010-2017). MIT²-Ayiti, Massachusetts Institute of Technology-Ayiti, te òganize de (2) jounen senpozyòm (27, 28 mas 2017) nan Pòtoprens, nan otèl Marriott. Pou te pataje divès etap nan egzistans enstitisyon sa a, pale de bon rezilta lang matènèl pote nan edikasyon nan divès kote, epi montre nesesite pou pwojè Inisyativ MIT-Ayiti a ale pi lwen, plizyè prezantasyon te fèt ak anpil echanj lide ant tout patisipan yo jou madi 28 mas 2017 la.

Dezyèm jounen senpozyòm nan te fèt soti 9è nan maten pou rive 5è nan apre midi, kote divès pwen te ekspoze, tankou :prezantasyon yon panèl sou defi epi siksè nan itilizasyon lang matènèl nan edikasyon: ka Kiraso, Jamayik, Inivèsite Karayib, Lekòl Kominotè nan Matènwa, Akademi Kreyòl Ayisyen; brase lide sou eksperyans Inisyativ MIT-Ayiti a ; pwochen etap ki fikse pou yon lavni miyò sou baz twa (3) aks aprantisaj entèraktif, lang kreyòl, teknoloji; ak estrateji amonizasyon swa travay ann atelye pou n apre fè prezantasyon travay chak atelye epi fikse pwochen etap pwojè a pou lavni

Daprè sa nou aprann padan jounen senpozyòm sa a, nou ka tante prezante yon rezime pou nou di : li posib pou pèp ayisyen edike nan lang kreyòl e sa ap pèmèt bon gen bon jan rezilta ni nan bakaloreya, ni nan kalite sèvo peyi a ap fòme. Menm si gen anpil difikilte soti depi nan mantalite ayisyen (prejije sou kreyòl) pou rive nan fason sistèm edikatif ayisyen an ap fonksyone, itilizasyon lang nasyonal la san prejije ap yon gwo benefis pou bon jan devlopman ayisyen.

Gregory ORCEL
¹Rapò sa a se rezilta sa nou menm nou ranmase kòm konesans
nan premye jounen senpozyòm nan.

Kisa ou panse de atik sila a?
Ki sijè ou ta renmen nou trete pou ou ?

Commentaires