Ki mo ki pi long nan lemond ?

...Alafen, labèlte toupatou. Se pa sa ki manke devan je nou,
se pito je n ki pa janm ka wè l...

Lang se yon mo ki soti nan laten. Li derive de lingua ki vle di lang an referans a ògan nou itilize pou nou pale a. Se avantou yon sistèm oral evantyèlman grafik yon kominote itilize pou l kominike. Gen anviwon 6,000 lang atravè lemond; san konte divès dyalèk ki egziste ankò.

Anpil diskisyon fèt sou lang ak sou divès konstitiyan li yo. Ki mo ki pi long nan mond lan se youn nan kesyon moun souvan poze. Hippopotomonstrosesquippedaliophobie petèt! Divèsite lengwistik lemond ak evolisyon lang yo menm atravè tan an rann repons lan difisil pou jwenn. Kidonk sijè a souvan abòde men anpil entèwogasyon n rete sans repons. Koze a mande n pou nou konsidere ka lang aglitinant yo, dotanplis sa ta dwe pran ankont evolisyon yo paske sa ki te pi long nan lane pase, se vre li ka pa pi long ane sa a.

Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete antre an kontak avè n

Yon lesik syantifik anglè 

Yo repètorye yon leksik (mo) syantifik anglè antanke mo ki pi long nan lemond. Li se yon mo ki gen 189 819 lèt. Yo itilize l pou dekri pwoteyin titin. Se yon mo difisil ki pou kont pa l gen plis lèt pase yon seri liv.

Kat (4) mo ki pi long yo

Apre mo syantifik sila a, nou jwenn non yon rejyon nan peyi End swa yon tèm sanskri ki genyen 195 karaktè k ap dekri yon rejyon nan peyi a ki rele Tamil Nadu. Nan twazyèm plas la nou jwenn yon mo nan afrikayans ( ) 136 lèt pou idantifye yon konferans laprès sou grèv pèsonèl ki angaje kay yon konsesyonè machin. An katriyèm pozisyon, nou jwenn yon mo 85 lèt ki se non yon kolin nan peyi Nouvèl Zelans.

Kat (4) mo tèlman long yo chak pou kont pa yo t ap depase longè atik sila a.

Suiv nou sou  Facebook Instagram pou plis kontni

Di n an kòmantè sa ou panse de atik sila a

Commentaires