Yon bib 35,5 milyon ewo

Repons lan: Labib.

Li se pi ansyen liv ki egziste. Liv ki plis vann depi tout tan. Vant labib te rive depase plis pase twa (3) milya egzanplè ant 1815 e 1992. E te gentan, depi fen 2002, gen vèsyon konplè l disponib an 405 lang. 2303 lòt vèsyon, yo chak nan on nouvo lang, te gentan a mwatye tradui. Nou dwe songe, Labib se premye liv Gutenberg enprime. Li enprime l an 1455.

Yon bib ki vo 35,5 milyon ewo

Nan sèlman kat (4) minit yon vant ozanchè...

Nan sèlman kat (4) minit yon vant ozanchè... Kodèks Sassoon t ache a, bib ebrayik ki pi ansyen an, san kote l te prèske fin ekri nèt, tounen pwopriyete filantwòp ameriken Alfred Moses pou 35,5 milyon ewo, nan vil Nouyòk, jou ki te 17 me 2023, nan syèj sosyete Sotheby’s. Li se yo maniskri yo estime ki te ekri nan lane 900 e ki te konsève nan yon sinagòg nan Nòdès peyi Lasiri rive jis nan XVè syèk. Yo pa t wè liv sa a depi lè a. Yo te vin rejwenn li 500 lane aprè, swa nan lane 1930 konsa, kote yon gran koleksyonè ki rele David Solomon Sassoon ta pral achte l. Liv sa a se liv maniskri ki vann pi chè jiskaprezan swa 35,5 milon ewo. Alfred Moses fè mize pèp jwif la kado l. Li ekspoze Tèlaviv.

Pou enfo, otè Mao Zedong se otè ki vann plis liv nan lemonn. Petite Livre Rouge, yon liv li ekri ansanm ak Hou Bo, ansanm ak pwezi l yo, vann plis pase 2 milya fwa. Liv Petite Livre Rouge ki gen non sa a an fransè poutèt an ti fòma pòch edison l lan soti a, se yon rekèy sitasyon yo ekstrè nan ansyen diskou ak ekri prezidan Mao Zedong. Li tradui nan omwen 64 lang, edite pou pi piti 500 fwa e simaye atravè omwen 150 peyi. Les Plus Hautes Instructions se lòt non yo ba li; non fransè a pa itilize Lachin.

Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete antre an kontak avè n

Suiv nou sou  Facebook Instagram pou plis kontni

Di n kisa ou panse de atik sila a an kòmantê

Commentaires