Anticonstitutionnellement


Lang, yon zouti kominikasyon oral imen

Lang se yon zouti kominikasyon oral imen. Li fòme ak divès eleman, ak kategori ki makonnen youn ak lòt nan yon estrikti byen melanje. Mo se youn nan eleman ki konpoze lang moun pale. Li se kategori ki chanje pi fasil la.

Tanzantan nou diskite sou lang, sou kreyòl ayisyen an ak sou lang franse. Mo ki pi long nan lang franse a pa egzanp se youn nan sijè nou souvan pale de li. Anticonstitutionnellement se, daprè plizyè, mo ki pi long nan lang Voltè a. Yon lang ki chaje mo long. Èske se Anticonstitutionnellement  vre ?

Apopathodiaphulatophobi se pa egzanp yon mo franse ki gen 24 lèt. An n di youn anmwens anticonstitutionnellement men Intergouvernementalisation ki se kowoperasyon sere ant plizyè gouvènman, li genyen 26. Hexakosioïhexekontahexaphobie ak Dichlorodiphényltrichloroéthane ki se respektivman pè chif 666 e yon ensektisid ki itilize nan agrikilti gen, lè nou pran youn apre lòt, genyen 29 e 31 lèt. Aminométhylpyrimidinyl-hydroxyéthylméthylthiazolium gen 50 lèt. Ou pa ta panse sa nou itilize dènye mo sila a pou n sa dekri vitamin B2.

Konprann! Anticonstitutionnellement se yon yo derive. Li soti derive nan anticonstitutionnalité ki se sibstantif li. Sibstantif sila a, ki gen 23 lèt, bay anticonstitutionnaliser tou; se vèb ki pi long nan lang franse a. Olye Anticonstitutionnellement se mo ki pi long nan lang franse a, li se pito advèb ki pi long lang sila a. Anticonstitutionnalité fè referans a sa ki kontrè konstitisyon, sa ki mennen sans advèb la genyen an.

Sa montre nan koze lang nou ka souvan twonpe nou.

Èske ou te konnen anticontitutionnellement se mo pa mo ki pi long nan lang fransè a ?

Commentaires