Akonpanyatè o predaté seksyèl ?

[ ] pou moutre kijan vrèman vre, jan mit la vle fè kwè l la, inivèsite, e sitou Inivèsite Leta D Ayiti a an patikilye, se yon kote ki difisil pou w antre [ ]

Kisa yon prefak ye : Yon kote ki ka ede w antre nan inivèsite oubyen yon kote pou predatè seksyèl evolye ?

Gwoup etidyan ki fini deja, pafwa ak kèk lòt ki poko fini, konn mete tèt yo ansanm pou kreye yon espas kote elèv ki fenk desann bakaloreya ak lòt moun ki ta vle antre nan fakilte, prive kou leta, ka jwenn kou k ap prepare yo pou egzamen antre yo. Sa gen plizyè lane depi « prefak » ap evolye nan sistèm eskolè ayisyen an. Enstitisyon lib sila a, pou li kreye e pou li elijib, pa bezwen sipèvizyon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) oswa manb nan inivèsite a.

Se yon espas frajil kote yo balote postilan yo swa nan optik pou yo ka aprann pi byen; petèt tou, pou moutre kijan vrèman vre, jan mit la vle fè kwè l la, linivèsite, e menm Inivèsite Leta D Ayiti a an patikilye, se yon kote ki difisil pou  w antre. Jounen jodi a, nou pa pral pale sou sijè balotaj men de yon fasèt enstitisyon sa yo ki pa janm pran lari. Yo pa pale de sa souvan: Kesyon predatè seksyèl k ap pran teren e chak ane, postilan fanm, sitou, gen pou fè fas  ak yo. Se tout yon konbinezon seri pratik, se tout yon manipilasyon.

Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete pran kontak avè n

Pou vin enpresyone postilan an [ ]

Pwosesis enkripsyon pou konkou admisyon nan Inivèsite Leta d Ayiti (ILA) a mande yon enskripsyon anliy ak validasyon l  aprè sa nan antite ou chwazi a. Rive w nan antite sa a, w ap jwenn gwoup moun, etidyan pou pifò, ki la pou fè rekritman postilan pou antre nan prefak yo oswa pou vann yo dokiman.

Aprè l fin fè tout pwosesis, si li antre nan prefak sa, yon postilan gen pou li rankontre moun k ap òganize aktivite sila a. Moun, nan pifò sitiyasyon sa yo, ki pi gran pase yo e ki gen plis eksperyans nan koze inivèsite ak divès lòt koze,  mete tèt yo ansanm pou vin enpresyone postilan. Endividi sa a tou, pifò fwa yo, se yon gason. Li vin jwenn li nan yon pozisyon kote l swadizan gen tout kontròl ak pouvwa sou koze akademik postilan an. Li la pou l bay konsèy tankou yon gid , yon mantò.

Suiv nou sou  Facebook Instagram pou plis kontni

Epi ki wòl moun sa a pral jwe nan lavi postilan fanm nan ?

[ ] chèf yo fè l konnen, dèske li gen kèk pwoblèm konprann nan yon matyè, l ap oblije rete aprè lè prefak la fini pou yo ka travay [ ]

Daprè kèk temwanyaj nou rive jwenn, nan men kèk etidyan ki te pase pa la ak nan men kèk lòt ansyen postilan, yo sibi, anpil fwa, atouchman. Plizyè dirijan prefak renmen peze yo, pase men sou yo e gen, vizavi yo, konpòtman deplase tankou pale nan zorèy yo, pase men nan kou yo. An di, yon fason pou chèche pwen sansib yo. E sa konn rive pi lwen pase sa. Nan temwanyaj li, yon ansyen postilan devwale n youn nan chèf yo fè l konnen, dèske li gen kèk pwoblèm konprann nan yon matyè, l ap oblije rete aprè lè prefak la fini pou yo ka travay paske selon sa li di li ta renmen tout bon vre pou postilan sa a rive antre nan antite li vle a. Mesye a tann li fènwa nan espas yo te ye a pou l pouse tantativ rapwochman l ak demwazèl la men bon zetwal li te fè gen yon moun ki te vin parèt ki fè li kouri al lakay li.

Si yon postilan ta gen odas fè moun sila a obsèvasyon, li gen pou li make li di. Li gen pou li mete li deyò nan kou, fè li obsèvasyon devan moun. Tout karaktè gran frè, konseye disparèt. Yon sikoloji envèse, yon potomitan pou sa manipile. Yon teknik manipilasyon kote lè w ap pale ak yon moun ki retisan pa egzanp, ki pa vle fè sa ou mande l la, ki pa pataje menm lide avè w, ou fè l vin jwenn ou nan fè kontrè sa w panse a. Konsa, moun sa a li menm, nan yon lespri kontradiksyon, aksepte avè w e fè sa ou te vle a. Yon teknik ki apiye l sou sa yo rele reyaktans esikolojik ki se yon mekanis defans. Yon endividi itilize l lè li santi libète l pou l aji an danje. Si l santi l anplis nan obligasyon, sa konn pouse l fè opoze sa li te anvi fè a.

Se laperèz ki souvan lakòz sa. Eprèv sa yo, plizyè postilan viv, se yon pwojè ki byen prepare pou yo. Byennanvan, jenn gason sa yo gentan pale antre yo pou yo konn konbyen fanm y ap plimen ane  sa a. E jeneralman, nan viktim sa yo ki souvan fi, pa rapò ak vilnerabilite yo tou nan nouvo espas la, mantò yo jwenn tout mach manèv pou yo jwe moun.Se pou yon postilan yon sitiyasyon alafwa konplèks e difisil. L ap sibi l, san l pa ka konnen si pou l pran moun sa a pou yon gid, yon zanmi l oswa yon senp enkoni.

[   ] Se pou yon postilan yon sitiyasyon alafwa konplèks e difisil. L ap sibi l, san l pa ka konnen si pou l pran moun sa a pou yon gid, yon zanmi l oswa yon senp enkoni [   ]

Kisa ki ka fèt pou sa chanje ?

Yon postilan dwe aprann idantifye yon asèlè seksyèl. Asèlman seksyèl oubyen tizonnay seksyèl, jan yo souvan dekri l, se lè yon moun gen yon konpòtman a karaktè seksyèl anvè yon moun san konsantman moun sa a. Yon postilan ki estime li sibi l, dwe kapab mete jenn gason sa a nan plas li, fè l konnen sa l fè a pa bon.

Èske li pa t ap bon pou n ta sipèvize enstitisyon sa yo k ap evolye san kontwòl ? Pou n pèmèt yon viktim jwenn moun pou l pote plent konsa akonpanyatè sa yo ta pèdi nan pouvwa san linit yo genyen an. Egzèsis sa yo pa ka ap pran plas nan mitan espas sa yo. Deja viktim yo pa gen ase moun oswa enstitisyon ki pou pale pou yo ak rann yo jistis.

Yon prefak, menm jan non an endike l, ta sipoze yon espas kote pou moun ki poko abitye fè eksperyans ak lavi inivèsitè. Se yon kote l vini pou l ka prepare l pou  li antre nan fakilte. Se pa yon kote pou l ap resevwa move tretman, pou santi l jennen, nan plizyè ka sou tèt kòb l ap peye a. Se yon espas li sipoze jwenn yon akonpayatè tout bon vre k ap la pou li gide l , ede l nan prosesis la nan respè. Fòk se yon moun kalifye sa vle di fòk li metrize sa li pral aprann postilan an e fòk se pa kèk etidyan rabi ki pa janm ka evolye nan inivèsite a.

Y ap prepare postilan yo a reyalite pafwa ki pi lèd ki egziste anndan fakilte yo. Paske jan anpil nan ansyen postilan sa yo te panse, sa pa kanpe la. Okontrè…

Suiv nou sou  Facebook Instagram pou plis kontni

Pataje ak nou eksperyans ou ak prefak yo ?
Kisa ou panse de yo ?

Commentaires