Pou yon estil aprantisaj pèsonalize: Pa fòse aprann

Se obligasyon yon aprenan pou l chache konnen fòmil aparantisaj ki mye pou li a
Chak endividi sou latè [ ] gen dispozisyon pou aprann ak asimile

Chak endividi sou latè, nan kèlkeswa sosyete l ap evolye a, gen dispozisyon pou l aprann ak asimile sa k nouvo sou similasyon estil aprantisaj ki varye. Genyen pou li k ap dominan, e gen youn ki ideyal. Estil aprantisaj ideyal yon moun konstitiye yon anviwònman inik kote ekperyans edikatif li maksimize. Se yon ekosistèm ki favorize l jwenn yon kapasite retansyon optimize pou l mye aprann.

Konsideransyon sou estil aprantisaj yo

Soti nan oditif al nan vizyèl, san konte kinestezik... gen plizyè apwòch ki kapab pèmèt ou aprann yon fason pi efikas. Pandan yon aprenan vizyèl repoze l sitou sou pati grafik, sou dyafrag ak reprezantasyon vizyèl pou ranfòse konpreyansyon ak memorizasyon l, yon aprenan oditif, bò kote pa l, mye apwopriye l enfòmasyon an apati son swa diskisyon, sipò odyo, podkas ak anrejistreman odyo li genyen. Nan yon aprantisaj kinestezik, aprantisaj la pase atravè mouvman ak aksyon. Yon aprenan nan kad sa a ap sitou vle asosye etid li ak aktivite entegre nan aprantisaj la ak mannèv pratik ki ka ede l apwofondi konpreyansyon l pandan pwosesis la. Gen moun ki mye aprann nan entèraksyon yo ak antouraj yo. Sa rantre nan kad yon aprantisaj sosyal. Patisipe nan diskisyon an gwoup, entegre fowòm ak pwojè kolaboratif amelyore retansyon enfòmasyon yon aprenan sosyal epi estimile sitou kreyativite l. Kontrèman a yon aprenan solitè ki li menm pito izole l nan yon anviwonman favorab k ap ede l konsantre l ak reflechi pèmèt li pèsonèlman mye apwofondi konesans li ak sa l ap retni.

Yon aprenan gen obligasyon dekouvri estil aprantisaj ki pwòp a li menm. Chache eksperimante dives apwòch ak metòd etid ki devlope daprè estil aprantisaj site yo, ki enkli vizyalizasyon, ekout aktif ak aparantisaj pratik epi ki pran ankont pwòp eksperyans ou antanke aprenan, pa egzanp videyo pou aprenan vizyèl yo oswa podkas pou aprenan oditif yo, ap tou senpleman benefik.

Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete pran kontak avè n



Kreyasyon yon anviwònman aprantisaj ki adapte

Asire w ou nan yon amviwònman adapte k ap sèvi w boustè

Pa gen pi bon fason pou bouste aprantisaj ou: asire w ou nan yon amviwònman adapte k ap sèvi w boustè. Dekouvri ki estil aprantisaj ki pi koresponn a mòd aprenan ou ye a, eksperimante dives apwòch sou koze a e menm konbine de twa metòd pou jwenn sa k ale ak ou a senpleman pa sifi, oud we aprann mete anplas yon kad k ap ede w e ki nan estil ou. Kit li ta vizyèl, oditif oswa kinestezik, afiche imaj annakò ak yon leson w ap aprann, anrejistre w k ap li sou li pou w koute pita, tou sa ka rantre nan kad la. San n pa pale de distraksyon ak bri ki rete yon seri eleman k ap dwe pran ankont.

Suiv pwogrè w

Yon aprenan dwe rete fleksib menm lè li ta gen yon estil dominan

Kenbe metòd ki ba ou pi bon rezilta nan aprantisaj ou. Adapte ofiramezi pou adapte ak sa ou remake ki fè pwen fò youn oswa lòt posib. Yon aprenan dwe rete fleksib menm lè li ta gen yon estil dominan. Sa ka parèt dwòl men gen moun pa egzanp ki pou yo etidye pa ka pase yo de mizik. Sa pa dwe anpeche l eseye fè l yon lè yon fason ki diferan e menm rejwenn kèk gwoup. Se sa k ap pèmèt ou konprann diferans yo, diferans ant ou menm ak yon lòt aprenan e sa ap ede w konprann kòman ou evolye.

Se angwo sa ki esansyèl. Rive konprann ki fason ou menm pèsonèlman ou trete ak retni enfòmasyon ou asimile yo ofri w posibilite optimize yo. Nou chak gen yon fason inik pou rezilta n optimal. Devlopman ak pwogrè an patikilye akademik pa sèlman depann de kantite efò ou fè, li depann tou de kalite efò w. Pa fòse aprann, pito w aprann ak entelijans.

Nan ki anviwònman ou aprann pi byen ?