Zonbi ka gen divès sans an kreyòl ayisyen, sitou nan Lwès. Gen etimoloji l
ki plante nan lang kreyòl e li gen plizyè konotasyon apre sans denote li ki
se: moun yo fè leve vivan apre yo te fin touye li nan mistik. Karakteristik
zonbi a se pale nan nen ak mache tèt bese. Pliske nan kilti nou yo di zonbi
a pa manje sèl e li pa gen nanm, nou al bout sou sans: moun ki pa djanm, ki
mòlòlò e ki pa aktif. Nou jwenn tou li gen sans: moun ki toujou ap obeyi e
egzekite tout sa yo mande l fè san li pa ni replike, ni renonse menm si sa l
ap egzekite a pa ta ale nan sans lojik. Yo konn di moun sa yo san karaktè,
elatriye.
Apre sa nou te rive sou sans: moun ki kenbe plas nan machin trafik, sitou
nan estasyon, pou fè kwè machin nan prèske fin chaje e pa lwen deplase.
Elas! Se apre ou fin monte yon kamyonèt ki prèske fin chaje e ki pa
lontan deplase paske w prese, ou wè 2, 3, e menm 4 moun desann. Gen de fwa
menm chofè machin nan konn pami zonbi sa yo. Yo rele yo "mò" tou. Finalman
nou t al bout sou sans: pwodui chimik gason itilize pou ba li plis andirans
lè li ap fè bagay. Konsa mesye yo dire plis e medam yo kontan anpil tou
paske yo rive jwenn bon jan plezi. Daprè sa kèk reyaksyon fè kwè.
Li atik sa a ou tou: Èske vajen yon fanm elastik vre ?
Ki lòt non yo bay pwodui chimik sila a yo nan zòn ou ye a ?
Commentaires
Enregistrer un commentaire