Èske vajen yon fanm elastik tout bon vre ?

Seksyalite fi [ ] souvan antoure ak mit e prejije [ ]

Seksyalite fi, espesyalman anatomi, souvan antoure ak mit e prejije. Pami kesyon yo toujou poze, kesyon sou elastisite vajen an vini regilyèman. Vajen an, kòm yon ògàn esansyèl nan repwodiksyon ak plezi, gen karakteristik inik ki pèmèt li adapte l ak diferan sitiyasyon. Atik sa a, ki eksplore an detay lide vajen an elastik la, baze sou reyalite byolojik ak medikal.

Anatomi vajen an ak elastisite l

Sa pwouve ògàn nan ka adapte l ak sitiyasyon ekstrèm [ ]

Vajen an konstitiye ak pawa miskilè e tisi ki kapab etann yo. Kapasite elastik sila a se sa ki pèmèt vajen an adapte l ak divès sitiyasyon, kou rapò seksyèl, ensèsyon objè (tankou tanpon) ak, sitou akouchman. Lè yon fanm ap akouche apati vwa vajinal li, misk vajen an detire anpil pou pèmèt tibebe a pase. Sa pwouve ògàn nan ka adapte l ak sitiyasyon ekstrèm yo san l pa sibi domaj pèmanan.

Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete antre an kontak avè n

Kijan elastisite sila a fonksyone ak faktè ki enfliyanse l

Elastisite vajen an soti sitou nan misk lis ki konpoze l yo ak apati tisi konjonktif la, ki rich an kolagèn ak an fib elastik. Eleman sila yo pèmèt vajen an kontrakte ak detire jan sa nesesè lè l gen bezwen. Fleksibilite natirèl sa a an jeneral retounen nan eta orijinal li apre relasyon seksyèl oswa akouchman, byenke li ka pran yon ti tan anplis nan ka akouchman an. Li enpòtan pou n pa bliye elastisite sa a varye de yon fanm a yon lòt fanm. Kèk fanm nan eksperyans yo ka remake vajen yo trè fleksib tandiske gen lòt k ap twouve l pi fèm, tou depann de faktè tankou laj, kantite fwa yo akouche oswa kondisyon fizik yo.

Faktè tankou laj, chanjman òmon, e menm menopoz enfliyanse fleksibilite vajen an. Toutotan fanm ap pran laj, kò li pwodui mwens estwojèn; sa ki ka fè tisi vajinal yo mwens elastik. Anplis de sa, akouchman repete ka chanje, tanporèman oswa definitivman, tonisite vajen an. Pou kèk fanm, egzèsis espesifik, tankou egzèsis Kegel, ka ede ranfòse misk planche basen an, amelyore tonisite l ak dekouvri sansasyon souplès la kontwòle.

Suiv nou sou  Facebook Instagram pou plis kontni

Move konsepsyon n sou koze "etirman pèmanan" an

Youn nan mit ki pi pèsistan se lide vajen an ka detire nèt ale apre plizyè ak seksyèl oswa akouchman

Youn nan mit ki pi pèsistan se lide vajen an ka detire nèt ale apre plizyè ak seksyèl oswa akouchman. An reyalite, vajen an fèt pou retounen nan eta natirèl li apre eksperyans sila yo. Sa ka rive li pèdi nan tonisite l, espesyalman apre plizyè gwosès, men sa pa vle di vajen an detire nan pwen sa pa fonksyone ankò jan li te konn fonksyone a.

Vajen an se yon ògàn ekstrèmman elastik, ki kapab adapte l a anpil sitiyasyon san l pa pèdi fonksyonalite l. Kapasite sila a se sa ki pèmèt fanm satisfè bezwen kòl genyen toutolon egzistans li. Li esansyèl pou n konprann elastisite a ka varye selon laj, eksperyans lavi, ak lòt faktè.

Èske w panse se sitou laj ki enfliyanse souplès vajen fi a oswa ou ta di gen lòt faktè ki jwe pi gwo wòl nan koze sila a. Pataje sa w panse sou sa ak eksperyans ou ak nou an komantè

Commentaires