Pou w sèvi ak tan w yon fason efikas

Demare jounen an ak plan w, define objektif ou e sitou idantifye tach ki enpòtan ou dwe mete an priyorite

Suiv kou, fè devwa, etidye, rete prezan ak kolabore nan dives aktivite paraskolè mele ak lavi n andeyò lekòl kapab yon gwo chalenj pou n patisipe. Sèvi ak 24è n yo yon fason efikas k ap ede n rete ekilibre tounen yon endispansab sitou pou n evite santi n ankonbre ak pou n reyisi atenn bi n fikse n.

Elabore sila a ofri 5 konsèy pratik k ap kapab oryante w nan jesyon efikas tan w antanke liy kad pou optimize itilizasyon l. Yo se: Fikse objektif klè epi kalandriye aktivite estriktire, Tout ti; se touswit, Aprann mye repati tan w ap itilize a, Itilize yon asistan, Evite pwokrastine

Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete antre an kontak avè n


Suiv nou sou  Facebook Instagram pou plis kontni
Bati yon kalandriye k ap ede w repètorye ansanm aktivite yo

Fikse objektif klè epi kalandriye aktivite estriktire

Bati yon kalandriye k ap ede w repètorye ansanm aktivite yo  e òganize yo konsideran kategori yo chak swa kou ak aktivite eskolè ou, evènman ak aktivite pèsonèl ou. Demare jounen an ak plan w, define objektif ou e sitou idantifye tach ki enpòtan ou dwe mete an priyorite.

Tout ti, se tousuit

Yon règ enpòtan pou w aplike san ezite: Fè aktivite w ka fè byen vit la touswit. Pa kite okenn egzèsis k ap pran w de (2) minit pou fèt anplile pou evite li pran plis tan w

Aprann mye repati tan w ap itilize

Evite antreprann dives bezòy anmenmtam. Pou bouste efikasite w, evite miltitach. Pito w separe tach ou yo selon yon entèval tan byen detèmine, ki kapab kout e ki enkli poz regilye pou w pran anchaj an premye sa k pi ijan ak enpòtan e pwogrese daprè yon bon lòd priyorite

Itilize yon asistan

Li kapab yon platfòm, yon fich e pi bon ankò, yon aplikasyon mobil k ap ede w suiv ansanm aktivite w yo. W ap define lè rapè l yo e etabli avè l, divès objektif alontèm.



Suiv nou sou  Facebook Instagram pou plis kontni

Evite pwokrastine

Kòmanse ak tach ki pi difisil la

Kòmanse ak tach ki pi difisil la pou w konbat pwokrastinasyon. Yon bezòy ki demare souvan parèt mwen difisil pou w afwonte. Pa kite distraksyon tankou rezo sosyo fè ou pèdi fil ou. Anplis prevwa tan pou repo w. Sa ka sanble paradoksal men repekte tan repo regilye ki fikse pou tèmine yon bezòy ap ede w konbat pwokrastinasyon. Jesyon efikas tan an se yon atou pou yon aprenan ki vle reyisi sou plan akademik ak pèsonèl. L ap sèvi l pou l maksimize efò l e lite kont simenaj ak estrès. Ak sa, li maksimize pwodiktivite.

Kisa selon ou ki pi enpòtan nan jesyon tan an ?

Commentaires