5 kle esansyèl k ap garanti siksè akademik ou

Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete antre an kontak avè n

Suiv nou sou  Facebook Instagram pou plis kontni
Pran swen koupe sesyon etid ou yo an entèval kout

Ekselans akademik se rèv chak etidyan men, fè gwo nòt mande plis pasesenpman ap aprann san pran souf. Pou vrèman briye nan etid ou, ou bezwen astis efikas k ap ede w bouste aprantisaj ou. Nan atik sila a, dekouvri 5 astis ki teste e fè prèv yo pou dekiple pèfòmans ou. Men 5 sekrè ki esansyèl pou yon siksè akademik garanti

Jwenn yon teknik etid efikas ak yon espas etid pèsonalize:

Teknik Pomodoro a se yon metòd jesyon tan ki ka revolisyone fason ou etidye

Teknik Pomodoro a se yon metòd jesyon tan ki ka revolisyone fason ou etidye. Pran swen koupe sesyon etid ou yo an entèval kout. Repoze w nan mitan chak gwoup sesyon dwe ede w kenbe konsantrasyon w. Men w dwe asosye l ak yon espas etid apwopriye pou l mennen enpak siyifikativ sou rezilta aprantisaj ou yo. Kidonk chache dekouvri anplis jan pou w amenaje yon anviwònman pou w etidye ki minimize distraksyon ak ankouraje w avanse, soti nan chwa bon ekleraj rive nan òganizasyon materyèl etid ou yo pou w kreye yon espas ki enspire pwodiktivite. Aplike teknik sa a, konnen kijan pou w aplike l efektivman ap pèmèt ou maksimize rezilta efò w.

Sèvi ak sipò vizyèl ak fich revizyon:

Sipò vizyèl ak fich revizyon konn zouti pwisan pou senplifye konsèp konplèks ak amelyore sa memwa a retni. Kote apprantisaj pasif atravè lekti ak ekout ka limite, yon fòmil konsa ap patisipe nan konstriksyon yon teknik aprantisaj pi aktif. Eksplore diferan fason pou enkòpore aprantisaj vizyèl nan woutin etid ou e eksperimante ki jan teknik kreyatif sa yo ka amelyore konpreyansyon w ak retansyon w. Divès metòd tankou deba, diskisyon, ak aktivite pratik ap rann aprantisaj ou pi entèaktif ak agreyab. Pran san w epi aprann konnen tèt ou ak fòmil k ap ede w avanse!

Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete antre an kontak avè n

Suiv nou sou  Facebook Instagram pou plis kontni

Senplifye po w apwofondi konpreyanson w:

Konn ki jan w ap pran nòt esansyèl pou w òganize enfòmasyon. Li estratejik pou w devlope e optimize konpetans ou nan sans sa a men li anmenmtan endispansab pou w konjige l ak teknik k ap pèmèt ou annaprè apwofondi konpreyansyon w. Pa egzanp, ou ka dekonpoze konsèp konplèks yo ak teknik Feynman nan. Fizisyen e pri nobèl, Richard Feynman, devlope yon metòd pwisan pou konprann epi eksplike sijè konplèks yo. Se yon teknik k ap itil ou. Gen nòt ale pi lwen pase posede kèk fèy nòt yon pwofesè, kèk kopi dyapozitiv, kèk videyo ak odyo konferans, aprann tire pwen kle yo e toujou bat pou w dizpoze materyèl etid yo okonplè.

Entegre yon gwoup etid e kolabore:

Depi kounyeya aprann byen antoure w

Depi kounyeya aprann byen antoure w; kapab konekte w ak yon antouraj k ap enspire w, ka vin yon pi gwo byen nan vwayaj akademik ou. Dotanplis nan kad yon apwòch ekilibre: nan etidye, aprann pwoteje byennèt tou. Li enkli kapab pran swen pwòp tèt ou, aprann jere estrès ou, pratike yon espò pou kenbe yon lespri ak kò an sante e sa vle di anmenmtan antoure w ak moun sou ki ou kapab konte e ki pataje aspirasyon w. Moun ki ka la pou ou. Devlope sans kominotè w e pwofite de yon aprantisaj kolaboratif.

Siv konsèy sila yo ap pèmèt ou konble asenal ou e ekplwate potansyèl ou pou w transfòme vwayaj akademik ou. Aplike estrateji sa yo ap non sèlman ogmante nòt ou men, l ap pèmèt ou tou antanke aprenan boste efikasite w e denkou konfyans ou. E dènye a pa lòt: Sèvi ak aplikasyon edikatif ak resous entènèt mete a dispozisyon w yo. N ap viv nan yon epòk dijital la. Yon pakèt aplikasyon edikatif ak resous disponib sou entènèt. Pa neglije pwonmennen dekouvri aplikasyon, sit entènèt, ak platfòm ki ka konplete aprantisaj ou, ba ou egzèsis entèaktif, ak elaji baz konesans ou. Sonje byen, konesans se pouvwa, e pouvwa w se pou w briye!

Kisa ou panse de atik sila a ?

Commentaires