Kòman pou w fè kòb sou Youtube

Pati 1 : Sa w dwe konnen sou Pwogram Patenarya Youtube (PPY) la

Viv gras a rezo sosyo yo posib si w aksepte bay tan w pou sa. Men chanjman nimerik k ap fèt yo egzije plis pase yon senp kreyasyon kontni. Ou bezwen konnen fòma ki apwopriye yo, konn ki jan pou w ekri sou twal la, aprann sou referansman natirèl ak maketing, sévis kliyan ak imeling. Se tout yon travay e sa mande tan

Ou ka fè kòb sou Snapchat, Instagram, X, Facebook, TikTok, YouTube... pou n site kèk nan sa k pi popilè yo. Aktyèlman yon kreyaté dijital, kélkeswa kontni l pataje, depi l respekte ansanm règ platfòm li sou li a, kapab fè kòb e monetize efò l sou pifò rezo sosyo yo.

Kisa monetize vle di ?

Monetize sinyifi konvéti an kòb. Menmsi lokitè yo souvan asosye mo a ak pwogram patenarya medya sosyo yo devlope pou reminere kreyatè yo, monetize literalman ranvwaye a ansanm aktivite oswa pwosesis k ap fè transfòmasyon an revni oswa byen.

Li fè referans a nouvo metòd pou kreye nouvo sous revni men li pa yon bagay ki fèk vini. Emisyon televizyon ak radyo abitye monetize gras a kòb anons yo pase yo jenere. Laprès ekri pa egzanp konte sou piblisite enprime anplis abònman peye yo. Tout se monetizasyon.

Nan kad rezo sosyo, pale de monetizasyon se anmenmtan pale sou dispozitif platfòm yo mete a dispozisyon itilizatè l yo pou peye yo, men se pale tou de yon seri lòt mekanis kreyatè yo menm tou, mete anplas pou reminere tèt yo. Rantabilisazyon sila a ka baze swa sou enfliyans yo genyen: pa egzanp yon enfliyansè antanke anbasadè yon mak k ap ensite odyans li achte l, swa sou kantite moun k ap suiv yo: pa egzanp, lè yon mak peye l pou l pibliye yon afich pou li pandan yon mwa, swa atravè ekri l: lè pa egzanp yon redaktè wèb elabore yon atik esponsorize sou yon pwodui.

Monetizasyon kidonk selon kontèks la pran divès fòm.Yo varye: komès pwodui ak sèvis, afilyasyon ak piblisite, kreyasyon tinèl vant ak lis abone, pwodiksyon liv elektwonik apati kontni ki te pibliye, vant aplikasyon, abònman ak vant atravè kontni miltimedya tankou videyo ak podkas, plasman pwodui ak sèvis parenaj, elatriye.

Sa k enpòtan pou n kenbe

Angwo monetizasyon vle di rantabilize sètadi transfòme pou fè tounen sous revni.

Menm lè l pa yon egzèsis ki nouvo, li fè souvan referans a nouvo fason pou  fè aktivite komèsyal ki net oswa ki pran twòp kòb  tounen yon sous pwofi ki fyab.

Pratikman monetizasyon an pran plizyè fòm suivan domèn ak aktè konsène yo. Laplipa pwogram monetizasyon platfòm yo sou nèt la vize peye vizyonaj ak klik yo men antrepriz ki pwopriyetè rezo yo monetize tou nan vann done itilizatè yo. Biznis yo monetize pwodwi ak sèvis yo pou jenere pwofi, gouvènman yo, yon lòt bò, monetize dèt yo pou kenbe to enterè sou lajan yo prete yo ba. 

Piblisite sou Youtube — Yon pwogram patenarya

Youtube: Yon filyal Google ki posede omwen 6 700 000 USD fon pwòp

___

___

Sa gen 18 lane, jou ki te 14 fevriye 2005, Steve Chen, Chad Hurley ak Jawed Karim, twa ansyen anplwaye Paypal, mete ansanm epi kreye Youtube. Eslogan l se te « Broadcast Yourself ». An kreyòl ayisyen: Fè konnen w. Li se an patikilye yon rezo sosyal espesyalize ki pémét entèraksyon ak pataj videyo. 

Meat the Zoo se premye videyo Youtube. Se Jawed Karim ki te poste. Li te pibliye l 23 avril 2005.

Alphabet Inc. (Googleachte Youtube 9 oktòb 2006 ( 1,65 milya dola ameriken.). Li se katriyèm pi gwo acha sosyete Alphabet Inc. ki se, nou dwe raple sa, yon konglomera Google kreye 10 dawou 2015. Li regwoupe ansanm sèvis Google yo e eslogan l se « Do the right thing »: an kreyòl, fè sa ki bon.

Laplipa videyo platfòm nan ki rive fè pati kategori videyo yo plis gade yo se videyo mizik. Daprè sa nou konnen, "Ronaldinho Touch of Gold", yon reklam konpanyi Nike te fè ak foutbolè brezilyen Ronaldinho Gaúcho, se premye videyo Youtube ki t atenn 1,000,000 vyou. Gangnam Style, mizik chanté sidkoreyen Park Jae-Sang alyas Psy, se premye videyo ki rive 1,000,000,000 vyou. Sa fèt 21 desanm 2012. Mizik ki atenn milya vyou a pi rapid la se chante Hello  Adèle fè a. Li atenn li sou 88 jou.

Daprè estatistik wikipedia, aplikasyon youtube la aksesib omwen nan 60 lang ak 100 peyi pou pi piti. Yo kapab poste, sou Youtube, videyo ki peze jiska 566 Go maksimòm

Kisa w dwe konnen sou monetizasyon kont yo sou Youtube

Entegre anons nan kontni divès kreyatè Youtube yo epi pataje ak yo kòb piblisite sila yo se sa ki konstitiye lesansyèl pwogram nan men, li etann a lòt tip piblisite epi tou  a aksè a fonksyon tankou shop oswa finansman yon chanèl gras a sipò fan yo tou. Pwogram nan fasilite kreyatè yo aksede a plis resous ak fonksyonalite san konte asistans Youtube. 

Pou entegre Pwogram Patenarya Youtube (PPY) la ou dwe dabò
  • respekte ansanm règ sou monetizasyon Youtube la
  • rete nan peyi oswa zòn kote Pwogram Patenarya Youtube (PPY) la diponib
  • pa t resevwa okenn avètisman poutèt ou pa t respekte règ kominote Youtube la
  • asire w ou aktive doub otantifikasyon 2AF swa doub etap validasyon kont Google la
  • aksede a fonksyonalite avanse youtube yo
  • gen yon kont Adsense aktif
Sa n site anwo yo konstitiye prereki  pwogram nan.

Sou kondisyon pou w ranpli yo...

Adisyone ak prereki yo, monetize sou Youtube mande yon bon odyans. Li dwe ase pou montre piblisite a ka pase. Antre nan Pwogram Patenarya Youtube (PPY) la mande pou w genyen 1,000 abone omwen ak konte pou pi piti 4,000 èdtan vizyonaj apati 12 dènye mwa yo. Youtube mete disponib tou fon pou peye kreyatè ti videyo kout yo rele « shorts » yo. Alòs ou ka monetize ni videyo kout ni videyo long ou yo apati pwogram nan. Detantè chèn Youtube ki resevwa avètisman ap difisil pou entegre PPY.

Patnè komèsyal yo, otremandi anonsè yo ka chwazi, kòm odyans sib sèlman peyi monetize a posib. Panopli pwodui Google yo konn varye suivan peyi a, sa vle di depandamman kote ou ye, li posib pou ou pa gen aksè a kèk nan sèvis yo.

Malgre kèk ti diferans, postile pou pwogram nan sou pòtab android-ios oswa sou òdinaté, fèt apati YouTube Studio nan onglè revni « Revenus ». Apre akseptasyon kondisyon yo, asosye yon kont Adsense a chèn nan se dènye pwosesis anvan kandidati a egzaminen. Ou ka fè apèl sou 21 jou sizanka Youtube ta rejte kandidati w la. 90 jou aprè si w ta resevwa menm samtans lan, ou ka refè apèl ankò. Youtube analize tout videyo ki sou kanal la nan kad pwogram nan e l gen dwa kanpe l si yon patnè l nan pwogram nan pa poste okenn kontni apre 6 mwa.



1,000 abone ak 4,000 èdtan vizyonaj

  • 1,000 abone ak 4,000 èdtan vizyonaj valid sou videyo piblik 12 dènye mwa yo.-
  • 1,000 abone ak 10 milyon vyou valid sou « shorts » piblik 90 dènye jou yo.-

Chak konsidere apa. 10 milyon vyou valid sou « shorts » yo pa konsène èdtan vizyonaj videyo long yo. Youtube verifye elijibilite tout kandida pou pwogram nan lè l postile e kontinye asire l li respekte ansanm kritè yo pandan dire patisipasyon l nan patenarya a.

Kontaj « 12 dènye mwa a » pa janm pa aktyalize. Kidonk kontaj la pa janm kanpe. Li pran ankont 365 jou ane a. Chak nouvo jounen anplis konte epi otomatikman anile premye jou kontaj la pou kenbe l ak 365 jou. Youtube asire l avèti chèn ki ka monetize yo lè sa posib pou yo.




Adsense: Yon zouti pèman Alphabet Inc. (Google)

Nan kad Pwogram Patenarya Youtube (PPYla, Alphabet Inc. (Google) sèvi koutye pou mete an rapò biznis ki pare pou peye pou fè reklam pou pwodui yo e kreyatè l yo ki sèvi l kòm asosye-demachè. Yo dakò ak chwazi pase anons. Kidonk demache pwodui yo sou sit yo atravè kontni yo pibliye. suivan plasman ki chwazi a.

Gen yon kont Adsense se youn nan egzijans PPY la. men Adsense poukont pa l konstitiye youn nan sèvis google yo.  Li se zouti ki fasilite chèn nan jenere revni epi resevwa pèman kidonk se gras avè l Google peye biznis oswa patikilye kreyatè yo. Ou pa resevwa kòb la sou kont Youtube dirèktman men apati kont Adsense ou asosye ak chèn nan. Chak itilizatè gen dwa a yon sèl kont Adsense. Kreye yon nouvo kont Adsense ap ranlanti pwosesis la epi ipoteke l. Yon sèl kont ka asosye a plizyè chanèl Youtube. Se yon pwosesis kreyasyon ki pran nòmalman de twa jou men tankou tout pwosesis ak Google kont mize tou san konte konfimasyon adrès la obligatwa diran pwosesis la.

Genyen yon kont Adsense nesesite w:

  • founi enfòmasyon fiskal. ou
  • konfigire enfòmasyon pèsonèl ou
  • chwazi ak konfigire metòd pèman an
  • atenn sèy pèman an
Tout kreyatè ki monetize sou platfòm nan an jeneral founi enfòmasyon fiskal yo. Li obligatwa e adapte tou a kote ou rezide a. Konfigire enfòmasyon pèsonèl ou koresponn a valide idantite ou epi valide adrès pèman an ki li menm tou obligatwa. Drès sila a pèmèt Google fè lapòs livre w dokiman enpòtan pou w kontinye pwosesis la, enkli landan l yon kòd sekrè sis (6 chif k ap pèmèt ou konfime kont Adsense lan.

Kòb ou fè ak Youtube

Li depann. Adsenes peye w abityèlman sou kou pa klik. An anglè, cost per click ou CPC sa vle di, lè yon entènot klike sou piblisite a. An mwayèn, adsense peye soti 0.20 pou rive 15 dola ameriken. Sa konsène sitou sitwèb yo; pa bliye se pa sèl sou youtube ou kapab asosye Adsense. 

Pèman yo varye an fonksyon kantite anonsè, nou vle pale de biznis ki vle fè piblisite pase yo, an fonksyon kantite kòb kou pa klik kategori kreyatè a ak kontni l ladan l lan. Salarye a resevwa 68% nan pousantaj kòb ki bay la.

Pwogram Patenarya Youtube (PPYla pa diferan. 

Sa ki enpòtan

Gen itilizatè ki konn oblije tann plizyè mwa anvan yo jwenn konfimasyon anvan yo monetize. 

Li rekòmande pou konfigire kont Adsense lan aprè prereki ak ansanm kritè monetizasyon an reyini.

Nan kad Pwogram Patenarya Youtube (PPYla, ou touche sou vyou (vizyonaj) . Chak 1,000 vyou ba ou kòb suivan deviz la ak kote w sitiye.

Commentaires