Sa k esansyèl pou w konnen lè ou hpilori pozitif

Pifò ka pozitif yo trete men yo obsève [ ] moun ki rechite

Anpil moun enfekte. Li plis pase mwatye popilasyon mondyal la. Pi wo prevalans enfeksyon bakteri sa a, ki sitou transmèt pa vwa fekal-oral ak oral-oral, se an Afrik, an Azi ak an Amerik di Sid.

Hpilori a se yon bakteri nou souvan rankontre ki enfekte pawa anndan vant moun. Li se yon gastrit sa vle di yon enflamasyon pawa a ki ka dire pandan tout vi nou si nou pa trete l. Non elikobaktè pilori swa hpilori  « pozitif » itilize pou idantifye moun moun k ap viv ak bakteri a oswa moun ki te trape l.

Kisa ki bay hpilori ?

Se yon enfeksyon nou pran nan manje ki pa byen lave osinon ki pa byen kwit. Nou enfekte lè manje a soti nan yon sous ki kontamine oswa ki sal. Malgre yo pafwa mete tèz kontaminasyon pa kontak dirèk ak yon moun ki enfekte atravè saliv la sou kote, li menm ak poupou konstitiye lis ajan pwopagasyon enfeksyon an.

Kisa sentom moun nan konn prezante lè l enfekte ?

Moun ki enfekte a konn gen endijesyon, dyare, vant fè mal ak malèz, kè plen ak vomisman. Li konn santi lestoma l toujou chaje e sa konn pafwa akonpanye ak tous. Pa ekstansyon, yon enfekte souvan prezante yon seri maladi dijestif ki varye tou depann de eta enfeksyon an oubyen de endividi enfekte a. Sa konn rive nan pwen pou l oblije chache èd yon nitrisyonis. Elikobaktè pilori (hpilori) ka koze divès kalite enfeksyon kwonik grav ki ka lakòz kansè gastrik menm lè sa ra. Pifò se enfeksyon asentomatik.

Lè hpilori a pozitif...

Dyagnostik hpylori a ka gen ladan l tès sou antikò nan san n ansanm ak  egzamen poupou, yon tès sou alèn nou men tou yon egzamen lestoma n apati yon sond obsèvasyon. Dènye egzamen sila a rele andoskopi.

Se pa tout moun ki pèdi pwa lè yo hpilori pozitif . Men l ka fè w megri lè l atake nivo glikoz nan san w lè w ajen. Konsa eliminasyon li ka gen tandans fè ou pran pwa.

Jeneralman enfeksyon an trete sou 10 a 14 jou tou depann de pwotokòl la. Yo trete l ak medikaman e antibyotik, tankou pa egzanp amoksisilin ak klaritromisin konbine ak omeprazòl pou diminye asid nan lestoma a epi elimine enfeksyon an. Yo rekòmande yon alimantasyon espesifik swa yon rejim ki pa chaje espesyalman ak sodyòm, vyann wouj oswa vyann yo transfòme, sik ak move grès epitou moderasyon nan konsomasyon alkòl; yo ka ogmante ris enfeksyon oswa agravasyon hpilori a. Preskripsyon antiasid ak jèl grastrik ede kalme vant fè mal ak doulè yo.

Medsen rekòmande fè yon egzamen kontwòl alafen tretman an pou sètifye disparisyon bakteri a. Lòt sa nou dwe konnen, terapi yo souvan echwe akoz rezistans li a antibyotik yo.

___

Pifò ka h.pilori pozitif yo trete men yo obsève alontèm moun ki rechite. Remake yo repètorye h.pilori antanke inik bakteri ki chita nan lestomak lòm e sitou sèl bakteri ki rive siviv nan yon anviwònman ki asid konsa.

Poko gen vaksen pou prevni enfeksyon an.

Men yon solisyon natirèl kont Hpilori

Ji pòmdetè se youn nan solisyon natirèl yo itilize anpil kont enfeksyon an. Li pwouve efikasite l nan konba kont maladi ilsè, kont asidite ak doulè lestomak, kont konstipasyon ak brili lestoma. Yon vè ji pòmdetè de (2) a twa (3)  fwa pa jou diminye anpil pwoblèm dijestif yo.

Ki jan yo prepare li ?

Preparasyon.- 

Lave 4 oswa 5 pòmdetè epi kale yo. Graje yo pou ekstrè ji a. Pase nan paswa pou jwenn ji a. Ou dwe jwenn yon tas konsa. Bwè l ant trant a karannsenk minit anvan ou manje pandan omwen kenz jou.

Ki lòt tretman ou konnen ki ka ede yon moun ki hpilori pozitif ?