
Gonayiv, memoryal 16 Oktòb 2016
Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) patisipe [ ]
Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) patisipe nan kreyasyon ak enstitisyonalizasyon Jounen entènasyonal lang kreyòl an 1983 nan Eta Lwizyàn (Etazini) nan 4èm konferans Komite entènasyonal pou Etid kreyòl (CIEC, an franse) te òganize, apre yo te fin kreye Asosyasyon Bannzil Kreyòl nan peyi Sent-Lisi, 2 zan anvan sa, nan 3èm konferans CIEC la an 1981. Sa vle di, ane 2016 la, nou ap selebre 33èm anivèsè Jounen entènasyonal Lang kreyòl. Men nou selebre e fè pwomosyon pou « Lang ak Kilti kreyòl » ansanm.
Anvan lane 2003, FLA te konn selebre Jounen entènasyonal Lang kreyòl la pandan yon jounen, kote li te konn òganize yon seri konferans ak aktivite kiltirèl pou make jou a. Men, an 2003, FLA kòmanse òganize yon semèn aktivite sou tèm « Semèn kreyolofoni ». Twa (3) lane pita, an 2006, nou kòmanse òganize yon « Kenzèn kreyolofoni » kote nou marye lasyans avèk lakilti nan aktivite nou yo. Lè Fakilte Lengwistik Aplike deside òganize aktivite yo sou etikèt « kreyolofoni » an, li pran yon gwo risk paske mo sa a pa te egziste okenn kote. Menm nan diksyonè franse « LeRobert 2017 », li poko antre. Men, jodi a, mo a nan bouch anpil Ayisyen. E tout moun wè sa nou vle di lè nou repete li.
Nou pa kapab pale de selebrasyon kreyolofoni jodi a san yon panse espesyal pou memwa twa (3) pwofesè ki mouri nan FLA nan tranblemanntè 12 janvye 2010 la : Dwayen Pierre Vernet, vis-dwayen Wesner Mérant ak Yves Alvarez ki, yo menm tou, patisipe nan kreyasyon konsèp ‘kreyolofoni’ an. Se pou yo jwenn yon omaj nan tout seri aktivite nou ap òganize nan okazyon Kenzèn nan. FLA ap priye manm Laprès yo pou difize pwogram Kenzèn Kreyolofoni an regilyèman pou nou ofri Lang ak Kilti peyi nou an yon selebrasyon ki alawotè sa yo reprezante nan lavi chak grenn Ayisyen konsekan ki respekte peyi li, lang li, idantite li, kilti li lang nan pèmèt nou devlope e difize lakay nou ak toupatou nan lemonn.
Tèks sa a tire nan bwochi pwogram selebrasyon Kenzèn kreyolofoni 2016 FLA a
Li atik sa a ou tou: Yon bib 35,5 milyon ewo
Kisa Kreyolofoni reprezante pou ou ?
Commentaires
Enregistrer un commentaire