Ki lè premye lekòl la te bati ?
Ledikasyon se zam ki pi pwisan pou chanje mond lan
Tras premye enstitisyon edikatif yo date depi nan Antikite. Men kad lekòl estriktire, ki egziste jounen jodi a, se evolisyon l atravè epòk yo pou l satisfè bezwen ak dispozisyon yo.
Premye fòm edikasyonk ki te egziste: Sumer ak peyi Lejip ansyen
Simeryen yo, nan ansyen Mezopotami, ta sanble pami premye moun ki devlope yon sistèm edikasyon fòmèl, sa fèt nan alantou 2000 lane av. JK. Jèn yo te resevwa fòmasyon nan ekriti kineyifòm, nan lekti ak matematik, pou yo te ka travay sitou kòm sekretè nan administrasyon an. Nan ansyen peyi Lejip, lekòl te egziste tou, yo te souvan asosye yo ak tanp yo, pou fòme prèt ak fonksyonè yo.
Ansèyman te konn fèt nan Lagrès ak lavil Wòm tou. Nan ansyen Lagrès, filozòf tankou Socrates, Platon ak Aristòt te kontribye nan devlopman edikasyon, nan ede sitou a mete akadami sou pye. Lekòl sa yo te konsantre sou filozofi, matematik, ak syans natirèl. Yo te favorize ansèyman ki santre sou refleksyon ak dyalòg. Nan lavil Wòm, edikasyon te vin deplizanpli aksesib. Te gen lekòl piblik kote timoun te aprann Laten, diskou, ak filozofi. Yo te vle genyen sitwayen eklere.
Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w ta swete kontakte n
Evolisyon edikasyon an nan Mwayennaj
Pandan Mwayennaj an Ewòp, edikasyon te òganize sitou nan lekòl monastik ak katedral, ki te gen entansyon fòme relijye yo. Inivèsite, tankou inivèsite Bolòy, nan peyi Itali ─ fonde an 1088 ─ oswa inivèsite Pari, nan 12yèm syèk, kreye pou ofri fòmasyon apwofondi nan teyoloji, nan dwa, nan medsin, ak nan filozofi. Sistèm sa a pral enfliyanse ansèyman loksidan an anpil pandan plizyè syèk.
Revolisyon nan lekòl piblik sou enfliyans modènite a
Ak Renesans ak Syèk Limyè k ap pran anplè, edikasyon jou aprè jou louvri a majorite a. An 1793, Revolisyon fransè a favorize etablisman yon sistèm edikasyon nasyonal gratis, layik ak eksklizif, sa ki make yon tounan nan istwa lekòl an Oksidan. Ozetazini, pandan 19yèm syèk la, refòmatè tankou Horace Mann travay pou rann edikasyon obligatwa ak aksesib pou tout moun, sa te enspire anpil lòt peyi adopte menm sistèm nan.
Yon medya kominotè anliy
Pa ezite kontakte nou
Whatsapp nou se 509 3200 - 8501
lyen l se:
https://wa.me/50932008501
Suiv
nou sou Instagram sou
instagram.com/ehco509
Sou Twitter
sou
https://twitter.com/ehco509
Mèsi pou soutyen nou
Lekòl pa ni moske ni legliz, se kote konesans ak refleksyon chita
Aparisyon ansèyman sou entènèt
Peryòd dijital la louvri wout pou nouvo fòm aprantisaj. Depi ane 2000 yo, aprann sou MOOCs (Massive Open Online Courses) pèmèt plizyè milyon moun jwenn aksè a kou sou entènèt, anpil fwa gratis ti cheri, menm nan inivèsite prestijye tankou Harvard oswa Stanford. Jodi a, ansèyman anliy ap etann li pi plis toujou ak platfòm tankou Coursera, edX oswa Khan Academy, ki ofri opsyon ki varye pou w aprann divès konpetans adistans.
Pou rive la, lekòl sibi yon evolisyon enkwayab sou wout li pou l satisfè bezwen chak epòk. Aprantisaj anliy, pou kounyeya, ap redefini edikasyon. Nou ka imajine n yon avni kote l ka posib pou lekòl aksesib pou tout moun, kèlkeswa kote w ye nan mond lan.
Li atik sa a ou tou: Metye yo: konbyen ki egziste e kiyès ki pi popilè ?
Dapre ou, ki avantaj edikasyon sou entènèt ofri konpare ak lekòl tradisyonèl yo ?
Commentaires
Enregistrer un commentaire