Pa bay pitit ou metye se di l al vòlè
Mond travay la vas e li toujou ap evolye. Nouvo pwofesyon ap parèt pandan gen lòt k ap disparèt toutotan teknoloji a ap avanse e bezwen moun ap chanje. Konbyen pwofesyon ki egziste jodi a ? e pami pwofesyon sila yo, kiyès travayè atravè lemond yo plis chwazi ?
Konbyen pwofesyon ki egziste ?
Bay yon chif egzak se yon demach ki difisil, definisyon mo metye a varye selon kilti ak klasifikasyon yo. Dapre Òganizasyon Entènasyonal Travay (OIT), gen plis pase 40,000 tit travay ofisyèl atravè lemond, ki gaye nan divès sektè tankou agrikilti, endistri, teknoloji ak sektè sèvis. Gen nan 40,000 sila a, metye tradisyonèl tankou kiltivatè oswa fòjewon e metye modèn yoo tankou devlopè lojisyèl oswa kreyatè kontni dijital.
Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete antre an kontak avè n
Yon medya kominotè anliy
Pa ezite kontakte nou
Whatsapp nou se 509 3200 - 8501
lyen l se:
https://wa.me/50932008501
Suiv nou sou Instagram sou
instagram.com/ehco509
Sou Twitter
sou
https://twitter.com/ehco509
Mèsi pou soutyen nou
Ki pwofesyon ki pi popilè atravè lemond ?
Lis pwofesyon ki pi popilè yo a ka varye selon rejyon yo ak nivo devlopman ekonomik yo. Menm lè sa, men tandans ki ta sanble egziste a:
-
Nan sektè lasante, enfimyè ak doktè pami pwofesyon ki pi rechèche yo, chif yo ranfòse akòz popilasyon mondyal la k ap vyeyi a epi dènye kriz sante yo.
-
Nan sektè teknoloji a, bò kote pa l, pwofesyon tankou pwomotè IT, analis done ak kreyatè lojisyèl ogmante anpil nan dènye moman yo.
-
Nan domèn edikasyon, anseyan rete yon chwa komen, an patikilye nan peyi devlope yo. Sektè komès la, pa egzanp travay ki gen rapò ak lavant tankou kesyè oswa repranzantan komèsyal, nou ta di tou demachè, trè komen atravè mond lan. Dapre yon rapò OECD, djòb ki gen rapò ak swen (pou n ta site èdswanyan, edikatè espesyalize) gen demann yo ki ogmante, patikilyèman nan ekonomi avanse yo.
-
Sektè komès la, pa egzanp travay ki gen rapò ak lavant tankou kesyè oswa repranzantan komèsyal, nou ta di tou demachè, trè komen atravè mond lan.
Dapre yon rapò OECD, djòb ki gen rapò ak swen (pou n ta site èdswanyan, edikatè espesyalize) gen demann yo ki ogmante, patikilyèman nan ekonomi avanse yo.
Pa gen so metye, sèlman, gen moun ki sot
Avèk evolisyon rapid teknoloji yo, pwofesyon tankou espesyalis entèlijans atifisyèl, ekspè sibèsekirite oswa kreyatè eksperyans reyalite vityèl ap pran teren. Pwofesyon sa yo pa t egziste 20 ane de sa men kounyeya, yo esansyèl. Se yon seri metye emèjan. San bliye pwofesyon kiltivatè ki rete youn nan pi ansyen pwofesyon ki egziste e ki se metye ki pi gaye atravè mond lan, sitou nan zòn riral yo. Enfliyansè dijital yo se yon nouvo pwofesyon k ap pwospere, lè n konte milyon jèn ki vle fè karyè nan medya sosyal.
Mond travay la fòme ak yon latriye pwofesyon. Se yon mozayik ki toujou ap evolye. Soti nan pwofesyon tradisyonèl rive nan wòl inovatè, chwa yo enfini e yo reponn a bezwen chak epòk. Sèten pwofesyon disparèt apre yon tan pandan gen lòt, nou pa t menm konn imajine, ap parèt jounen jodi.
Li atik sa a ou tou: Sida: poukisa yo te rele l maladi 4H la ?
Daprè ou, ki metye k ap plis mennen nan jou k ap vini yo ?
Ki metye
selon ou ki ka disparèt ?
Commentaires
Enregistrer un commentaire