Sida: poukisa yo te rele l maladi 4H la ?

Nan kòmansman epidemi VIH/SIDA a, yo te souvan asosye viris la a kat gwoup espesifik: emofil, moun ki adikte a ewoyin, omoseksyèl ak Ayisyen. Kèk chèchè ak kèk medya, nan ane 1980 yo, te bay kategorizasyon sila a – an fransè homosexuels, hémophiles, héroïnomanes et Haïtiens – pote non maladi 4H. Malerezman, sa te mennen stigmatizasyon kominote sa yo, sitou Ayisyen yo, yo te konsidere yo kòm vektè maladi a. Se apre, syantifik yo konprann VIH/SIDA a kapab afekte nenpòt moun, kèlkeswa ras li, nasyonalite l oswa oryantasyon seksyèl li.

Yon medya kominotè anliy

Pa ezite kontakte nou
Whatsapp nou se 509 3200 - 8501
lyen l se: https://wa.me/50932008501
Suiv nou sou Instagram sou instagram.com/ehco509
Sou Twitter sou https://twitter.com/ehco509

Mèsi pou soutyen nou

Jodi a, gras ak pwogrè medikal ki fèt ak sansibilizasyon ki mennen, yo pi byen konprann maladi a. Efò Kontinye ap fèt pou redwi stigmatizasyon ak pou ankouraje enklizyon ak syantifisite pou prevansyon ak tretman. Avèk evolisyon konesans syantifik yo, tèm Sida pou sendwòm iminodefisyans akeri – akeri nan sans trape – ofisyèlman adopte an 1982 pou deziyen maladi a. Nouvo non sa a klarifye nati inivèsèl maladi a, ki afekte tout kominote san distenksyon; sa ki kontribiye tou a diminye diskriminasyon an.

Dapre Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS), apeprè 39 milyon moun ap viv ak VIH atravè lemond

Dapre Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS), apeprè 39 milyon moun ap viv ak VIH atravè lemond. Malgre pwogrè enpòtan ki fèt nan tretman ak prevansyon, ak aparisyon antiretwoviral e metòd pwofilaktik, pa gen okenn gerizon definitif. Men efò syantifik yo kontinye, e rechèch k ap fèt nan kad vaksen ak terapi jenik pwomèt anpil.

Èske w te konn istwa tèm 4H maladi la ?
Èske w panse pèsepsyon n sou VIH/SIDA a evolye ase apre ane 1980 yo ?

Commentaires