Lanp lapovrete pa gen limyè
Repons kesyon ki peyi ki pi pòv nan mond lan ? depann anpil de kritè nou konsidere yo. An jeneral, yo evalye povrete atravè endikatè ekonomik tankou PIB abitan, endis devlopman imen IDH oswa tou to povrete ekstrèm. Lè n konbine endikatè sila yo, Ayiti ak Burundi parèt souvan nan klasman peyi ki pi pòv yo.
Faktè grav tankou konfli entèn pwolonje ki anpeche devlopman ekonomik yo, envestisman ki fèb anpil nan edikasyon ak lasante ki limite avansman sosyal yo, depandans a èd entènasyonal ki frajilize ekonomi yo, se yon ansanm faktè grav peyi sa yo genyen an komen.
Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete antre an kontak avè n
Burundi: yon PIB ekstrèmman ba
Dapre Fon Monetè Entènasyonal (FMI), Burundi toujou klase kòm peyi ki gen PIB abitan ki pi ba nan mond lan, se apeprè 221 dola pou chak abitan an 2024. Ekonomi Burundi a chita espesyalman sou agrikilti sibzistans, e konfli politik pwolonje yo pa sispann frennen devlopman l. Malgre povrete sila a, Burundi demake l pou rezilyans li yo ak richès kiltirèl li genyen, ladan l gen atizay tradisyonèl ak mizik inik peyi a.
Ayiti: peyi ki pi pòv an Amerik
Non Ayiti site kòm peyi ki pi pòv nan pati lwès la sètadi nan emisfè oksidantal la. Li genyen yon PIB abitan ki anviwon 1,500 dola an 2024, an parite ak pouvwa dacha a. Katastwòf natirèl, tankou tranblemanntè an 2010, ansanm ak kriz politik yo, rann sitiyasyon ekonomik la pi grav. Ayiti menm lè sa rete yon peyi ki rich ak istwa l ak eritaj kiltirèl li.
Yon medya kominotè anliy
Pa ezite kontakte nou
Whatsapp nou se 509 3200 - 8501
lyen l se:
https://wa.me/50932008501
Suiv nou sou Instagram sou
instagram.com/ehco509
Sou Twitter
sou
https://twitter.com/ehco509
Mèsi pou soutyen nou
Ayiti, yon kote nèg leve kanpe an premye pou l di li konnen l se moun
Povrete, byenke gen chif ki pèmèt nou mezire l, kache anpil fwa yon ekip reyalite sosyal ak reyalite ant moun a moun ki konplèks. Anpil nan peyi pòv yo gen resous natirèl, yo gen richès kiltirèl e yon gen tou, yon kominote ki rezistan e ki kontinye goumen pou yo jwenn solisyon pou yo chape anba prekarite.
Li atik sa a ou tou: Dekouvri Vatikan: pi piti eta nan lemond
Dapre ou, ki efò ki dwe fèt pou ede nasyon sa yo devlope tout bon vre ?
Commentaires
Enregistrer un commentaire