Lafimen blan Vatikan an anonse eleksyon yon nouvo pap... anmenmtan sann yon ansyen
Vatikan, yo rele tou Site Vatikan, se eta ki pi piti sou latè. Li chita nan kè vil Wòm, an Itali. Li 44 ekta, swa 0.44 km² sèlman . Popilasyon li piti anpil, se apeprè 800 rezidan pèmanan k ap viv la. Anpil se relijye, manm klèje ak ak moun k ap travay nan administrasyon l. Vatikan se yon teritwa inik non sèlman poutèt gwosè l, men sitou pou estati relijye ak senbolik li yo: Li se sant espirityèl Legliz Katolik ak syèj Pap la.
Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete pran kontak avè n
Yon medya kominotè anliy
Pa ezite kontakte nou
Whatsapp nou se 509 3200 - 8501
lyen l se:
https://wa.me/50932008501
Suiv nou sou Instagram sou
instagram.com/ehco509
Sou Twitter
sou
https://twitter.com/ehco509
Mèsi pou soutyen nou
Malgre l piti, eta sila a, ki abrite kèk nan trezò atistik ak achitektiral ki pi enpòtan nan mond lan
Istorikman, Vatikan pran fòm aktyèl li an 1929, apre Akò Latran ki te siyen ant Sensyèj la ak Itali ki te rekonèt endepandans li. Kapital li se vil Vatikan an menm, san okenn lòt vil. Li pa gen okenn lòt. Malgre l piti, eta sila a, ki abrite kèk nan trezò atistik ak achitektiral ki pi enpòtan nan mond lan, tankou Bazilik Sen Pyè a, Chapèl Sikstin nan ak Mize Vatikan yo, atire plizyè milyon vizitè chak ane.
Fòs li chita sou enfliyans mondyal li antanke sant relijye ak diplomatik, li genyen tou yon administrasyon efikas. Anplis dimansyon relijye a, Vatikan patisipe aktivman nan deba entènasyonal ki fèt sou pwoblèm sosyal ak etik yo e l jwe yon wòl moral enpòtan.
Li atik sa a ou tou: Sida: poukisa yo te rele l maladi 4H la ?
Kisa ou panse de enfliyans Vatikan egzèse malgre gwosè l la ?
Li l enteresan
RépondreSupprimer