Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete antre an kontak avè n
Koudfoud, yon santiman entans, yon atirans toudenkou pou yon moun
Koudfoud, yon santiman entans, yon atirans toudenkou pou yon moun, se yon fenomèn yo souvan pale de li nan woman ak fim womantik. An reyalite, èske lanmou n ka bridsoukou? Gen sikològ ak lòt syantifik ki adrese kesyon an pou konprann si koudfoud se tou senpleman yon fiksyon oswa yon reyaksyon reyèl nan sèvo nou ak kò nou.
Kisa lasyans di ?
Pati sou yon pwendvi syantifik, nou ta ka konsidere koudfoud antanke yon reyaksyon chimik konplèks nan sèvo nou an. Lè yon moun atire atansyon nou anpil, sèvo nou degaje òmòn tankou dopamine ak oksitosin, ki kreye yon santiman byennèt ak atachman. Repons òmon sila a, ki souvan asosye ak palpitasyon epi swe nan men, bay enpresyon yon koneksyon imedya e pwofon ak konsène a. Men, koudfoud pa sèlman chimik. Sikològ fè remake gen sèten faktè vizyèl ak emosyonèl ki jwe wòl pa yo tou. Aparans, langaj kòporèl e menm kontèks kote nou rankontre yon moun enfliyanse santiman an. Pa egzanp, rankontre yon moun nan yon kote ou santi ou byen oswa nan yon moman gwo emosyon ka anplifye santiman atraksyon toudenkou sila a.
Èske se renmen vre ?
Diferans kiltirèl ak pèseptyèl
Sou plan kiltirèl, konsèp koudfoud la trete fason ki varye . Nan kèk sosyete, lide tonbe damou imedyatman an valorize e menm ideyalize, alòske gen lòt ki wè lanmou kòm yon santiman nou pran tan konstwi, atravè konesans, atravè konfyans mityèl. Diferan pèsepsyon sa yo montre koudfoud ka sibi enfliyans kwayans ak atant kiltirèl nou yo.
Èske se renmen vre ?
Anpil moun poze tèt yo kesyon si koudfoud se renmen tout bon vre oswa si l se jis yon atraksyon fizik ak emosyonèl entans. Gen kèk ekspè ki kwè koudfoud se sèlman yon premye etap nan pwosesis renmen an, ki souvan baze sou kritè fizik e ki pa chita sou konesans moun nan. Pou premye enpresyon sa a vin yon lanmou dirab, an jeneral li pran tan e l mande pataj. Se poutèt sa, koudfoud kapab yon pwen depa, men li pa nesesèman garanti yon relasyon ki estab e pwofon.
Koudfoud parèt yon reyalite pou kèk moun, byenke eksplikasyon yo varye ant syans ak sikoloji. Li se san dout yon melanj atraksyon, chimi, ak sikonstans favorab ki kreye yon koneksyon entans ant de moun. Malgre fenomèn sa a souvan idealize, li la pou raple n renmen ka leve yon fason inatandi ak pwisan, ajoute ak sa, li se yon touch majik nan relasyon moun ak moun.
Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete pran kontak avè n
Li atik sa a ou tou: Èske fanm pi entèjan pase gason vre ?
Èske sa rive w deja pou w gen koudfoud pou yon moun ? Èske w kwè santiman sa a ka mennen yon relasyon dirab ?
Commentaires
Enregistrer un commentaire