Èske fanm pi entèlijan pase gason vre ?

Kesyon diferans ant sêks yo pa rapò ak entelijans yo chak depi lontan te toujou yon koze cho

Kesyon diferans ant sêks yo pa rapò ak entelijans yo chak depi lontan te toujou yon koze cho. Se yon kesyon prejije, etid syantifik e menm obsèvasyon anpirik, enfliyanse pandan plizyè syèk. E nou konnen li enpòtan, jounen jodi, pou nou mande si fanm yo pi entelijan pase gason vre, oswa si kesyon sila a mande yon repons ki gen pi nyanse lè n konsidere divès fòm entèlijans yo.

Entèlijans: yon definisyon miltip

Entèlijans se pa sèlman yon nimewo oswa yon senp tès QI. Etid sikològ Howard Gardner, ansanm ak plizyè lòt etid ki fèt sou sa, rive demontre entèlijans vini sou plizyè fòm: lojik-matematik, lengwistik, emosyonèl, sosyal, elatriye. Nou pa ka nesesèman distenge fanm ak gason sou baz entèlijans ki pi wo oswa pi ba, men pito pa rapò a kalite entèlijans kote yo briye. Fanm, pa egzanp, gen tandans montre vrè kapasite yo nan domèn entèlijans emosyonèl ak entèpèsonèl. Anpil etid syantifik sou sijè a bay rezilta ki kontraste. Lè w ap gade rezilta tès QI yo, gason ak fanm reyalize menm nòt nan pifò ka yo, byenke kèk chèchè note ti diferans ki favorize gason nan kèk domèn tankou matematik. Yon etid University of Edinburgh reyalize an 2014 montre fanm souvan depase gason nan konpetans vèbal ak memwa travay nan domèn ki pètinan pou siksè nan lavi chak jou n. Sa a montre entèlijans pa limite a yon sèl aspè men li etann li sou divès kapasite mantal yon èt imen.

Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete antre an kontak avè n

Suiv nou sou  Facebook Instagram pou plis kontni

Enfliyans anviwònman ak estereyotip

Nan sosyete kote yo pi plis ankouraje egalite ant sèks, gen anpil fanm ki depase gason nan etid inivèsitè

Anviwònman kiltirèl ak sosyal la jwe yon wòl fondamantal tou nan devlopman kapasite entelektyèl. Estereyotip sou sèks yo gen lontan y ap enfliyanse jan yo wè entèlijans fanm ak gason. Yo te relege fanm nan travay domestik pandan plizyè syèk e yo te souvan souzestime kapasite entelektyèl yo. Menm jodi a, prejije sa yo pèsiste e enfliyanse opòtinite yo ofri tifi nan sèten rejyon nan mond lan. Nan sosyete kote yo pi plis ankouraje egalite ant sèks, gen anpil fanm ki depase gason nan etid inivèsitè.

Divèsite konpetans

Olye n eseye detèmine ki sèks ki pi entèlijan, li enpòtan pou n rekonèt divèsite kapasite entelektyèl moun

Olye n eseye detèmine ki sèks ki pi entèlijan, li enpòtan pou n rekonèt divèsite kapasite entelektyèl moun. Anpil etid sikolojik, tankou etid Richard Lynn ak Paul Irwing fè, demontre diferans entelektyèl ant chak grenn moun depase diferans ki ant sèks yo. Chak moun, kit gason oswa fi, gen fòs ak feblès inik ki kontribye nan entèlijans kolektif la.

Kesyon pou konnen si fanm pi entelijan pase gason an pa ka reponn ak yon senp "wi" oswa "non". Li esansyèl pou n konprann entèlijans se yon konsèp konplèks, anpil faktè enfliyanse, e sèks se sèlman yon eleman pami plizyè lòt. Nan yon sosyete jou apre jou k ap pi egalitè, li vin pi klè divèsite entèlijans pami gason ak fanm ta dwe selebre olye yo konpare l.

Kisa ou panse de atik sila a ?

Commentaires