Èske gen plis fi pase gason tout bon vre ?

Nan mond lan, repatisyon gason ak fanm varye sou baz divès faktè demografik, sosyal ak kiltirèl. Kesyon konnen si gen plis fi pase gason an souvan poze, e repons li mande egzamen plizyè eleman: rapò nesans, varyasyon daprè rejyon yo, ak enfliyans sèten faktè tankou lagè oswa politik demografik

Rapò nesans yo

An jeneral, yo fè plis tigason pase tifi

An jeneral, gen plis tigason ki fèt pase tifi. Rapò mondyal nesans rapòte se ozalantou 105 tigason pou chak 100 tifi. Diferans sa a se kòz enfliyans faktè byolojik yo sou pwobabilite fè yon tifi oswa yon tigason. Malgre rapò sa a favorab pou nesans gason, fanm souvan viv pi lontan, sa ki reyekilibre balans lan nan yon sèten gwoup laj. Kidonk lè n konsidere enpak esperans lavi yo chak, an mwayèn, fanm viv pi plis. Esperans lavi li ki pi wo, mete sou sa yon to mòtalite ki pi wo nan ka gason akòz divès faktè kou fè travay ki pi danjere, konpòtman a risk, maladi kadyovaskilè... fè k apati yon sèten laj, fanm vin pi plis pase gason. Nan pifò peyi yo, pwopòsyon fanm yo ogmante anpil lè n pran granmoun aje yo.

Suiv nou sou  Facebook Instagram pou plis kontni

Varyasyon rejyonal ak kiltirèl

Gen kèk peyi kote diferans ki egziste nan repatisyon toulède sèks yo evidan. An End ak Lachin pa egzanp, preferans kiltirèl ki egziste pou pitit gason vin mennen yon move balans demografik. Pratik tankou seleksyon sèks timoun nan anvan l fèt oswa avòtman selektif enfliyanse rapò yon fason ki makan. Jodi a, peyi sa yo ap fè fas a sipli gason ki genyen konpare ak fanm yo; sa kreye dezekilib nan kèk kominote ak enfliyanse aspè sosyal tankou maryaj ak fanmi.

Efè lagè ak migrasyon

Konfli ame yo istorikman redwi popilasyon gason an, an patikilye jenn gason yo

Konfli ame yo istorikman redwi popilasyon gason an, an patikilye jenn gason yo. De (2) Gè Mondyal yo pa egzanp te lakòz dezekilib nan plizyè peyi ewopeyen akòz pèt gason anmas ki te gen. Migrasyon tou enfliyanse rapò sa yo. Pa egzanp, se gason, ki nan laj pou yo travay, ki konstitiye flo migratwa kèk peyi; sa ka tanporèman kreye dezekilib.

Malgre gen plis gason ki fèt pase fi, esperans lavi ak lòt faktè enfliyanse repatisyon sèks yo atravè lemond. Se poutèt sa, repons kesyon an depann de anpil eleman, tankou laj popilasyon an, tradisyon kiltirèl, evènman istorik ak dinamik sosyal ki espesifik ak chak rejyon an. Nou dwe konsidere demografi kou yon domèn konplèks kote chif yo tout tan ap chanje.

Daprè ou menm, ki faktè sosyokiltirèl ki plis enfliyanse rasyo fi-gason an nan sosyete a ?

Commentaires