Devalorizasyon rapid goud la boulvèse ekonomi ayisyèn nan...
Devalorizasyon rapid goud la boulvèse ekonomi ayisyèn nan e dirèkteman afekte bidjè etidyan yo. Ogmantasyon kou lavi a, an patikilye ogmantasyon frè ekolaj ak depans jounalye yo, konplike pousuit pakou akademik yo. Analize enpak kriz sa a sou lavi etidyan yo ap ede idantifye defi kotidyen yo e ofri kèk pis refleksyon pou jwenn solisyon apwopriye.
Premye konsekans devalorizasyon an afekte frè ekolaj yo, sitou pou elèv ki enskri nan etablisman prive oswa entènasyonal yo. Nan enstitisyon sa yo, frè yo souvan kalkile an dola ameriken, sa ki ogmante pri a an goud. Pou anpil fanmi, sa vle di plis efò finansye oswa, nan yon ka ekstrèm, abando lekòl akòz mank mwayen.
Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete pran kontak avè n
Devalorizasyon sila a afekte tou pri pwodui premye nesesite yo. Enflasyon an ki pa sispann grenpe touche pri pwodwi ak sèvis esansyèl tankou manje, transpò ak founiti lekòl. Pri yo k ap monte diminye pouvwa d acha elèv yo, ki souvan oblije fè vayevyen ant etid ak bras pou finanse kotidyen yo. Daprè dènye estimasyon yo, to enflasyon an an Ayiti depase 20%, sa ki ajoute gwo presyon ekonomik pou jèn yo.
Daprè dènye estimasyon yo, to enflasyon an depase 20%
Devalorizasyon an pa sèlman afekte depans yo, li limite opòtinite revni yo tou. Travay a tan pasyèl yo ki souvan anplwaye etidyan nan difikilte pou ofri yo salè ki konpanse enflasyon an. Sa mete anpil jèn nan sitiyasyon prekè, diminye chans yo pou yo reyisi pakou akademik yo pou asire tèt yo yon avni ki estab.
Entegre gwoup facebook nou an, klike la a Étudiants haïtiens & Co.
Fas ak reyalite sa a, sèten inisyativ ka ede
Fas ak reyalite sa a, sèten inisyativ ka ede. Bous detid ak èd finansye, ONG yo ak enstitisyon entènasyonal yo ofri, vin esansyèl pou soulaje pwa finansye a. Yo rekòmande elèv yo tou pou yo swiv yon jesyon bidjè solid pou redui depans yo a yon stirk minimòm epi chèche solisyon transpò ak lojman ki pi bon mache.
An konklizyon, devalorizasyon goud la gen gwo konsekans pou etidyan ayisyen yo, ni antèm de frè ekolaj, ni nan kotdyen yo. Adapte n ap vin yon nesesite. Yon sipò ki vize jèn jenerasyon sila a kapab soulaje yo fas a defi sa yo. Ki jan jèn sa yo ka ret kwè nan yon avni meyè nan sitiyasyon ekonomik difisil sa a ?
Li atik sa a ou tou: 1 400 000 000 ewo pou chak moun k ap viv sou latè
Ki jan ou panse etidyan yo ka pi byen jere efè devalorizasyon sila a ?
Commentaires
Enregistrer un commentaire