Vanpi: lejann oswa reyalite ?

Yon vanpi pa ka kontanple vizaj li Nan dlo beni sa pi rèd toujou
Charles de Leusse

Tèm vanpi an gen rasin li nan lejand ki soti nan pati Ès Ewòp, espesyalman an Ongri ak Woumani, pandan 18yèm syèk. Kreyati sa yo, yo dekri tankou mò vivan k ap bwè san, te pwovoke laperèz, sitou yo te kwè yo responsab yon seri maladi moun pa t konprann ak yon seri lanmò pésòn pa t ka eksplike. Nan epòk sa a, yo te entèprete kadav yo jwenn ki te rete byen konsève yo tankou siy vanpiris. Istwa sa yo gaye atravè Ewòp ak lòt kote, sa ki antrene aparisyon divès resi fòm varye kreyati sila a nan fòlklò mondyal la.

Vlad l'Empaleur alyas Vlad Dracul, daprè anekdòt ki rakonte yo, se vanpi san dout ki pi popilè a. Prens Woumen 15yèm syèk sa a, ki selèb pou metòd tòti li te konn itilize yo, enspire kreyasyon selèb kont Dracula Bram Stoker a. Yo te pratike rituèl, nan kèk kilti, pou yo netralize vanpi potansyèl ki ta genyen yo: pa egzanp, yo te konn plante yon pik nan kè kadav la oswa dekapite l. Pratik sa yo te vize tanpere laperèz popilasyon an genyen akòz kreyati sa yo.

kredi F. Looper 〡 The Untold Truth Of Blade

Suiv nou sou  Facebook Instagram pou plis kontni

Yon medya kominotè anliy

Pa ezite kontakte nou
Whatsapp nou se 509 3200 - 8501
lyen l se: https://wa.me/50932008501
Suiv nou sou Instagram sou instagram.com/ehco509
Sou Twitter sou https://twitter.com/ehco509

Mèsi pou soutyen nou

Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete antre an kontak avè n

Syans ak vampiris

Malgre vanpi yo popilè, pa gen okenn eleman syantifik ki pwouve egzistans yo. Anpil karakteristik vanpiris sanble ak maladi tankou pòfiri, yon maladi nan san n ki ka lakòz yon sansibilite egi pa rapò ak limyè, sa ki ka te alimenté mit sou egzistans kreyati lannuit sa yo. Lòt maladi, tankou laraj, te kontribye tou a alimante lejand lan akòz sentòm yo.

Nan kilti popilè a jodi a, vanpi tounen yon tèm santral, sitou nan medya yo, nan fim, nan liv ak seri tankou Dracula, Twilight oswa Buffy the Vampire Slayer. Travay sa yo fè mit la mache, e menm reyenvante sou lòt fòm modèn, pou fè yo senbolize mistè ak womantis.

Daprè ou, èske vanpiris la se istwa reyèl oswa se mitoloji tou pi ?

Commentaires