kredi F. Jean Oscar Augustin
[ ] yon pratik vodou yo souvan asimile a yon bòkò...
Zonbifikasyon se yon konsèp ki anrasinen nan kwayans Vodou, e sitou nan kilti an Ayiti. Li fè referans a yon pwosesis kote yo ta prive yon moun de volonte l e yo ta transfòme l an yon zonbi, yon endividi san okenn otonomi. Istorikman, tèm nan gen rasin li nan pratik espirityèl Afriken yo. Li entegre vodou ayisyen an, soti nan listwa ansyèn koloni an pase atravè evolisyon kilt la, kote yo pale de zonbifikasyon pou nome yon pratik vodou yo souvan asimile a yon bòkò.
Nan pratik sila a, yon bòkò, atravè pratik li antanke sòsye vodou, kapab touye yon moun e reba l lavi l. Yon retou ki pa fèt okonplè: zonbi a pèdi menm konsyans li de pwòp tèt li ak volonte l pou l aji. Zonbifikasyon an enplike rityèl ak pwosede kote sibstans natirèl, pwason tankou pwasonglòb ki gen tetwodotoksin ki mete w nan yon eta kou se moun ki mouri. Se aprè sa, konsène a releve an zonbi, yon eta kote yo li obeyi san l pa janm replike. Se yon pwosesis tou ki senbolik e ki enkòpore gwo perèz sosyal kanta kontwòl ak soumisyon li antrene.
Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete antre an kontak avè n
kredi F. Gamma-Rapho〡Clairvius Narcisse
Lasyans enterese l a zonbifikasyon sitou pou aspè famakolojik [ ]
Ka zonbi ki pi popilè listwa repètorye nan dosye sila a se ka Clairvius Narcisse la, yon ayisyen yo te deklare ki mouri nan ane 1960 yo e ki ta reparèt ane aprè a. Evènman sila a te rale enterè chèchè yo, ki te etidye efè tetwodotoksin nan ak divès lòt pwodui natirèl ki itilize nan vodou. Yo rakonte plizyè lòt istwa zonbifikasyon nan kominote riral yo, men dokimantasyon yo limite.
Lasyans enterese l a zonbifikasyon sitou pou aspè famakolojik ak sosyokiltirèl li. Chèchè yo atribiye eta zonbi an a efè toksin nan ki ka lakòz paralizi tanporè ak ralantisman fonksyon kòporèl yo, jiska imite lanmò. Eksplikasyon sa a sijere zonbifikasyon ka gen plis relasyon ak kondisyon famakolojik oswa sikososyal pase fenomèn mistik.
Li atik sa a ou tou: Lougawou: orijin yon lejand e posib reyalite
Kisa ou panse de zonbifikasyon ?
Èske ou kwè genyen zonbi nan sosyete modèn nou an ?

Commentaires
Enregistrer un commentaire