Konbyen jou yon moun ka fè san manje ?

andènyelye, tout istwa a repoze sou kò imen an

Kapasite yon èt imen pou l rive viv san manje depann de anpil faktè tankou sante l, mas kòporèl li ak aksè l a dlo, e menm de kapasite rezistans nou chak; sepandan gen eksperyans ki repètorye kèk ka kote moun depase limit yo. An mwayèn, kò n ka siviv san manje ant 30 a 40 jou, men peryòd sa a ka varye. Dlo, sepandan, enpòtan anpil: san idratasyon, siviv raman depase yon semèn.

Pandan yon jèn pwolonje, kò a vide magazen glikoz li yo an premye. Li tire nan grès yo aprè sa pou enèji li bezwen. Nan ka li pa jwenn grès, kò a tounen vin jwenn pwoteyin misk yo, sa ki ka bay kòm rezilta degradasyon misk yo ak risk pwoblèm sante grav. Nan Ka jèn ekstrèm, espesyalman jèn yo obsève nan kontèks grèv lafen, nou jwenn kèk ka kote moun rive siviv plis pase 40 jou, men moun sa yo vin gen gwo sekèl ak prezante ki iremedyab.

Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete pran kontak avè n

Suiv nou sou  Facebook Instagram pou plis kontni

Pami ka jèn ki pi popilè yo, Mahatma Gandhi, pandan grèv lafen li yo, te rive siviv jiska 21 jou san manje. Li te konsome dlo sèlman. Eksperyans sila a, li te fè nan kad rezistans li kont vyolans, te pèmèt montre tou ki jan kò imen an ka sipòte grangou, menm si efè yo grav pou sante a alontèm. An 1965, Angus Barbieri, yon nonm ekosè obèz te deside suiv, akonpanye ak sipèvizyon medikal, yon jèn 382 jou pou l te pèdi pwa. Pandan peryòd sila a, li te sèlman konsome dlo ak sipleman vitamin. Pèdi pwa li a te radikal, men eksperyans sa a rete yon eksepsyon nan mond medikal la.

Fè plizyè jou san manje ka antrene gwo domaj

Nou ka mete nan lis la tou, grèv lafen militan ak aktivis politik yo konn obsève yo, tankou sa ki te fèt an 1981 nan Northern Ireland yo. Yo te pwouve li difisil pou n kenbe anba privasyon alimantè ki dire plas 40 jou. Sa difisil menm pou moun ki nan kòmansman an te an sante. Anpil patisipan eksperyans sila a pa t siviv apre (2) de mwa san manje.

Fè plizyè jou san manje ka antrene gwo domaj. Pwofesyonèl sante yo dekonseye peryòd jèn pwolonje yo san n pa sou sipèvizyon medikal, paske yo ka lakòz domaj ireparab nan kè n, fwa n ak ren n.

Yon medya kominotè anliy

Pa ezite kontakte nou
Whatsapp nou se 509 3200 - 8501
lyen l se: https://wa.me/50932008501
Suiv nou sou Instagram sou instagram.com/ehco509
Sou Twitter sou https://twitter.com/ehco509

Mèsi pou soutyen nou

Èske sa rive ou fè jèn deja ?
Kisa ou panse de jèn pwolonje moun suiv pou rezon politik oswa medikal ?

Commentaires

Enregistrer un commentaire