5% moun ki pi rich yo: èske yo gen nan men yo pifò richès mond lan vre ?

Daprè kèk analiz, anviwon 5% nan popilasyon mondyal la posede majorite richès mond lan

Jan richès lemond repati se yon sijè ki jenere anpil deba men ki bay enkyetid. Daprè kèk analiz, anviwon 5% nan popilasyon mondyal la posede majorite richès mond lan, yon estatistik ki mete aksan sou echèl inegalite ekonomik la. Konsantrasyon richès sa a souvan asosye ak sistèm ekonomik ki favorize elit la akimile kapital, o detriman klas mwayèn ak klas pòv la.

Rapò sou inegalite ekonomik yo, tankou sa Oxfam pibliye yo oswa pa Credit Suisse yo, montre 1% moun ki pi rich yo kenbe yon pwopòsyon enpòtan nan byen mondyal la. Rive 2023, yo te estime ti gwoup moun sa a te kontwole prèske 50% richès mond lan, pandan majorite moun yo te pataje yon pòsyon ki pi piti. Nan kòz diferans sila a, nou ka repètorye faktè tankou eritaj, envestisman, ak aksè privilejye a mache finansye.

Ekri n sou etudiantshaitiensetco@gmail.com si w swete antre an kontak avè n

Tout moun gen menm dwa... Men pami nou tout, genyen ki gen plis pouvwa pase lòt. E se la inegalite a chita.

Chif sa yo sepandan konn varye de yon rejyon a yon lòt. Yo depann tou de yon ansanm kritè yo itilize pou evalye richès (pwopriyete, aksyon, elatriye). Pou peyi tankou Ayiti, reyalite inegalite mondyal sa a reflete yon paralèl lokal, kote yon elit minoritè posede majorite resous ak envestisman, ki enfliyanse ekonomi lokal la ak kotidyen sitwayen yo.

An konklizyon, menmsi nyans egziste, done yo montre richès mondyal la gen yon distribisyon trè inegal. Se yon Konsantrasyon ki soulve kesyon sou jistis ak dirabilite sistèm ekonomik aktyèl yo.

Ki desizyon ou panse n dwe pran pou redui inegalite ekonomik yo, globalman oswa lokalman ?

Commentaires